[Verse]
Konnya pa gen chwa ankò pa gen lòv ankò
Afè sakrifis you pou lòt la pa gen sa ankò
Konnya pa gen kran ankò pa gen pran tan ankò
Tout moun se may yap mete pa gen pran san ankò
Siw kwazon moun li dil renmenw pozel kesyon
Mandel pou konbyen tan e fèl baw dire misyonl
Siw gon zanmi k dil bezwenw mete sa an kesyon
Se pa tout lè y envitew pouw ale san presyon
Moun prèske pa sansib ankò yo ka finiw nan prizon
Kidnapew fèw ba yon ranson
oubyen yo touyow san rezon
Oh no fanm pa bezwen nèg vi ankò
Bay Iphone dènye model neg kap bay flè yantò
Oh no blòdè yo pa OG ankò
Pou jere fresh ak peye bill yap bay bouda yo dò
Konnya pouw tapon ti fanm fòk ou solda
Fow gen lyann bande wòch ak pil sòs pwa
Konnya tout bon zanmi fanm gon ti jwèt aza
Bestie moute bestie yo pa an afè ak tibwa
[Verse]
Ou wè konnya siw bezwen on ti fanm met lajan nan boudaw
Afè ti sè legliz seryez la sa se sou tan gran papaw
Ou wè konnya siw pale de maryaj pèsonn pap pran kaw
Plumen tèlman vin fasil medam yo plis anvi baw
Lekòl nou expiré
Edikasyonn expiré
Menm nan tanp Bondye tout bon ansyen temwanyaj y expiré
Nap viv tou expiré
Gade frotman nou expiré
Kote moun sòt ap pase
Moun savé pa ka met pye
Napiye medyokrité
Nal lekòl nou ilétré
Sou rezo sosyal konnya se pa de bagay kap pase
Konnyaw pa konn sak pastè
Ou pa konn sak bòkò
Yo tout ap bwase siw pa gen kòb al lòt bò
Vòlè pa wont ankò
Pa gen patriyòt ankò
Medam yo jete mèkredi pou fè madi vin ankò
Nègrès yo pa vle ret nwa
Nèg a vès pa vo lò
Tout bagay expiré menm rapè yo vin pa wòklò
Ooooh
Mezanmi gadon vibe
Kitel la
Uncle J.P
Ooooh
Vwa Loray Music

