[Intro]
Ki kote w te ye dat sa
Ki kote w te ye dat sa
[Verse 1]
Te kwè lanmou te bliye mwen 
Li kite m pou chen manje mwen 
Relasyon pase kraze mwen 
Men mwen genlè tonbe sou pòy mwen 
Gad on pwoblèm m ape pote flè
Chemiz boutonnen si w konn se monpè
Menm mwen menm mwen pa ka kwè
Non mwen menm mwen pa ka kwè
Kite m twoke kòn ak kè w – papa w manman w 
Pran m on fwa mennen m avè w – papa w manman w
Si lanmou te mal mennen w menm jan avè m m konprann mizè w
M pral montre w kijan m bezwen w
Pou genyen mwen nan pla men w
Si lanmou te mal mennen w kite m pran swen w kite m renmen w
[Chorus]  
Ki kote w te ye dat sa 
Lavi m pa gen sans san ou 
Ki kote w te ye dat sa
Men koumanman mwen prèske fou
Ki kote w te ye dat sa 
Ki kote w te ye dat sa
Men koumanman mwen prèske fou
[Verse 2]
Cheri cheri cheri poze w 
Ou pa bezwen pè mwen pa ka blo w 
Kwè nan lanmou sa cheri poze w 
Non mwen pa ta fou pou m pèdi ou
Ou tap ri m anpil
[Keyboard]
Manman manman manman
Ki kote w te ye, pou dat sa
Ki kote w te ye
Kè m pa fè m mal ankò ankò ankò – nah nah nah 
Mwen pa regrèt ansyen mennaj mwen yo – nah nah nah
Kè m pa fè m mal ankò ankò ankò – nah nah nah 
Ou fè m bliye anyen pil moun mwen yo – nah nah nah
Ou fè m bliye – ti fanm 83
Cheri ou fè mwen bliye – ti baby Paris 
Ou fè mwen bliye – moun ki sou wout frèm nan 
Ou fè mwen bliye, bliye m bliye nèt
Ou fè mwen bliye – ti fanm ki Canada
Cheri ou fè mwen bliye – ti baby leogane nan
Ou Fè mwen bliye – ti doudou Jacmel la
Yo, cheri m fè ayzaymè
[Keyboard]
Ki kote w te ye, pou dat sa
Ki kote w te ye
Kè m pa fè m mal ankò ankò ankò – nah nah nah 
Mwen pa regrèt ansyen mennaj mwen yo – nah nah nah
Kè m pa fè m mal ankò ankò ankò – nah nah nah 
Ou fè m bliye anyen pil moun mwen yo – nah nah nah









