[Intro]
Karantèn karantèn, karantèn avè w baby
Karantèn karantèn
[Verse 1]
E si demenn ou ta wè le monde
Ap chavire akoz yon maladi yeah yeah 
Tout pòt fèmen pa gen pèsonn 
Ki dwe riske soti nan lari non 
M ta pito w avè mwen
M paka imajine m poukò m epi ou byen lwen non non 
Menm lè pata gen mwayen 
M tap reziyen m rete, men 
[Hook]
Si yo mande m m tap di 
mete m an karantèn avè w 
Tan tap pase pi vit 
si m te nan karantèn avèw 
(2x) 
[Verse 2]
Ouh sèl sa m konnen w pa tap plenyen 
M tap asire m ke kay la pa manke anyen 
M tap di fanmi w lavi w nan men m 
Ke mwen tap pwoteje w ak tout nanm mwen 
E menm si nou ta kontamine 
Se avè w mwen vle rete soude 
Li pa vo lapenn pou n separe nan ka sa 
Kidonk 
[Hook]
Cheri kote w ye, se la l ye 
Oh oh oh 
Oh oh oh 
W wè nan moman an - La pou w ye 
Gadon taktik nèg yo anplwaye mesye 
M pa bezwen di l - Ou ou ou wè l 
Manman! 
[Bridge] 
Bò kote mwen, bò kote mwen 
Pa gen pwoblèm cheri depi w bò kote mwen (2x) 
Epi mete konpa chita - la
[Outro]
Si yo mandem m tap di 
mete m an karantèn avèw 
Tan an tap pase pi vit 
si m te nan karantèn avew









