Se mizik lage nou ka trafike
Pouki n  pa f on jan pou li ka stucturé
Pou n  vanse, pou nou devlope
Si mizik nan peyi n  pa gen million
Se paske circuit a genyen twòp corruption
Précaution, B.S production
Ay, poutèt m ap fè deux trois goud
W ap ban m  maji, w ap simen poud
Pou deux trois ti dola m  fè
Ou pa ka tann m  l nan lanfè
Si vin gen milyon noupral tiye youn lòt pou dan ri
An n  poze kesyon eske n  ko pare pou big money
Nou gen kontwol la wi, nou bezwen èd media
Lontan n  te konn asiste polemik
Entre D.P., Scorpio, Septann ak Tropik
Magnifique, surtout pour le public
Chak gwoup sa yo te g on still diferan
Yo te jwe kompa , men yo pa te jwe l  menm jan
Si m  manti al mande Aman
Ay, jodi a m  pèdi kontwol
Situation sa bouke dwòl
Moun nan mèt ap kopye w 
Epi li vle rivalize w 
Lè w  interprete m , ou fè m  onè, m  respekte sa
Men lè w  vle vòlè still, mwen di papa
M  pa dakò sa, eya
[Guitar solo]
[Hook]
Tout priyè gen amen (Amen)
Nou priye you jou pou gen de lwa k  vote
Pou abi tinèg fè n , n ap reziste
Tout priyè gen amen
Nou priye you jou pou gen de lwa k  vote
Pou abi tinèg fè n , n ap reziste
[Chorus]
Ay, m  bezwen kontwol sa (Nou gen kontwol sa)
Men nou bezwen èd o! (Nou gen kontwol sa)
Ministè de la culture n  tande (Nou gen kontwol sa)
Media nou concerné (Nou gen kontwol sa)
Yo fè n abi vre (Nou gen kontwol sa)
Moun yo eksplwate (Nou gen kontwol sa)
Fò n  jwenn kontwol sa oo (Nou gen kontwol sa)
Tout priyè gen amen (Amen)
Nou priye you jou pou gen de lwa k  vote
Pou abi tinèg fè n , n ap reziste
Tout priyè gen amen
Nou priye you jou pou gen de lwa k  vote
Pou abi tinèg fè n , n ap reziste
[Horns]
Woo! Nou gen kontwol sa
Zenglen viktim toutan (Nou gen kontwol sa)
Yo vòlè inspiration (Nou gen kontwol sa)
Yo mete n  toutouni (Nou gen kontwol sa)
Public la nou tande (Nou gen kontwol sa)
Si pat gen Bondye (Nou gen kontwol sa)
Zenglen t ap kraze ooo (Nou gen kontwol sa)
Hello Nicky, m  pèdu kontwol ou wi la
[Piano solo]
Hey tonton devan, kompa w  prete a public lan di w  pote l  vini
Kompa w  prete a, si w  pa respekte mèt li remèt li
Si w  konnen w  pa prete kompa
Se pa avè w  m ap pale, pa fè kè w  sote la
Kompa w  prete a, si w  pa respekte mèt li remèt li
Lè ZIN jwe kompa l , se ZIN
System depoze, se System
Lè Tabou frape, se Tabou
Lè Phantoms sonnen, se Phantoms
Ti volè
Kompa w  prete a, si w  pa respekte mèt li remèt li
Lè Septan frape, se Septan
Lè Tropik sonnen, se Tropik
Mizik, Mizik mate, Mizik Mizik
Et ou menm fotokopi, kote pa w 
Epi w  vle fè polemik
Kompa w  prete a, si w  pa respekte mèt li remèt li
M  konnen nou pral mande m  kot pa Zenglen an. enh enh
Ebyen men ni (Original)
[Piano Solo]
Ou wè kompa sa k ap jwe la prete l  si w  vle, men respekte mèt li









