"An Han!"
Nou refize pran men n foure l nan pat 
Poutan nou di se pou li n’ap travay 
Nou refize pèp la revandike o 
Poutan nou di se pou li n’ap travay o 
Nou pa, Nou pa
Nou pa, Nou pa
Men nou pa 
Nou pa, Nou pa
Nou pa
An han 
Ase babye – An han 
Di w pral chanje – An han 
W’ap vann pouvwa – An han 
Pou fè m lalwa – An han 
Ou pa wè peyi m nan demanbre 
Fè moun sote sa w’ap regle 
Pale franse se gwo koze 
Epi peyi m nan ap fonse…anvlope 
Nou refize pran men n foure l nan pat o 
Poutan men gwo blòk bè n se pen n’ap tann o 
Nou pa, Nou pa
Nou pa, Nou pa
Men nou pa 
Nou pa, Nou pa
Nou pa
An han 
Place St. Pierre – An han 
Titanyen – An han 
Gonaives – An han 
Jeremie – An han 
Se pa de rigòl san k koule 
Lepèp kanpe pou l pran lari 
Rele anmwey kont sa l pa vle 
Se pa de kout zam ki tire…ou tire 
Nou refize pèp la revandike o 
Poutan nou di se pou li n’ap travay o 
[Piano solo – Mario Canonge] 
Se sa Canonge 
Ko manman…ha 
Ou wo ou wo 
An han, 
Ase babye – An han 
Ase rele – An han 
Ase plere – An han 
An nou lite – An han 
An nou lite pou nou vanse
Se pa nou tande, se pa nou









