[Verse 1]
Malgre sa ki rive tou sa ki te pase
Mwen toujou rete kwè ke mwen gen yon chans
Pa paske mwen fèb ni ke mwen san espwa
Paske t’aimer est plus fort que moi
[Pre-chorus]
Se toutan yap di de moun pa janm damou de fwa
Si w wè sa rive se paske gen on bagay extra
Lè w pa renmen yon moun ou pa dwe ba li manti
Pito n te ret zanmi olye n te al nan relasyon
[Chorus]
Malgre tou, malgre tou
Mwen vin renmen w ankò 
Mwen vin renmen w pi fò
Nan lanmou sa pa fasil
Pou vin renmen ankò
Pou vin renmen pi fò
[Verse 2]
Chak fwa nou fache nou fon ti diskisyon
Ou toujou ap di m bagay ki fè mwen mal
Menm si aprè sa ou fè m mil eskiz 
Men sa pa geri soufrans ki nan on kè blese
[Pre-chorus]
[Chorus]
[Keyboard]
Men se kounya mwen konprann
M andire m andire 
Tout sa ou fè m pase
M fè sanblan kè m kontan pou zanmi pou paran
M ap soufri san pale
Andedan m ap rache
Ou pa menm gen pitye ou san sanbilite
Ou mechan – m andire 
Ti pale anpil ki te konn fè nou fache – m andire
M andire tout sa ou fè m pase – m andire
Malgre tou m toujou renmen w cheri – m andire
[Keyboard]
Cheri pa ban m poto 
mennen m nan Maestro
M andire m andire 
Tout sa ou fè m pase
M fè sanblan kè m kontan pou zanmi pou paran
M ap soufri san pale
Andedan m ap rache
Ou pa menm gen pitye ou san sanbilite









