Il semble qu'il y a un auditeur sur la ligne qui veut faire passer un message. Allo...
Wi, m'vle f'on ti pale a menaj mwen pase m gen ti pwoblem
Alo cheri, mizik sa a m'vle dedye l a ou menm pase w konnen ou di wap ban m ke w a mwatye
Men cheri pase pou m pa gen tout kè w, mpito pa avè w 
Pito w ale
Pa twò lontan de sa ou t'ap di mwen 
Jan w renmen mwen, jan w renmen mwen
Jodi a wape banm yon lòt istwa 
Kom ke w vle di m konsa fò n ralanti sou sa 
Santiman ou mele 
Ou poko konn sa w vle 
Ou poko decide
Lè w pare wa di mwen tande 
Paske se tout mwen vle
M'pa vle anyen a mwatye 
Je t' aimerai toujours, même dans ton absence 
Je t' aimerai toujours, même dans ma souffrance 
Vas-y prends ton temps, t'inquiete pas, je t'attends 
Prefere pèdi ou kè m gen moso nan ou 
Pa twò lontan de sa ou te fè m kwè
Avè w t'ap jwenn bonè, avè w t'ap jwenn bonè 
Jodi a rèv an nou vole gagè 
Reyalite sa a anmè, se yon kout epe nan kè 
M'ap kenbe pou mwen pa lage 
Anndan m ap dechire 
Mwen santi m boulvèse
Lè w pare wa va di mwen tande 
Paske se tout mwen vle 
M'pa vle anyen a mwatye 
Je t' aimerai toujours, même dans ton absence 
Je t' aimerai toujours, même dans ma souffrance 
Vas-y prends ton temps, t'inquiete pas, je t'attends 
Prefere pèdi ou ke m gen moso nan ou 
Mwen vle, mwen vle
Vle w jwenn la jwa menm si m pa la
Vle pou pa konn sak move tan sak move moman
Menm si, menm si le bonheur ne te souris pas 
Reviens, reviens vers moi 
Je serais près à  t'ouvrir mes bras 
Menm si m santi kè m ap rache 
Cheri m'paka fòse w rete 
Si w jwenn kote dlo a pi fre 
Pito w ale 
Menm si m konnen mwen pral kriye 
Cheri m'paka fòse w rete 
Si w jwenn kote dlo a pi fre
Pito w ale 
Oh yeah pito w ale
Pito w ale
Oh non m'pap ka kenbe
Pito w ale
M'pap ka kenbe 
Pito w ale
[Guitar solo]
Pito w ale m'pap ka kenbe
M vle w tout antye m'pap ka pran w a mwatye 
Pito w ale (2x)
Pito w ale, tande 
Pito w ale
M'bouke mande m si w se pa m tout bon vre 
Pito w ale
Pito w ale, tande 
Pito w ale
Fè m boulvèse m'pap ka kenbe pito w ale
Mwen pap janm vle, pap janm vle w a mwatye 
Pito w ale 
Oh Oh









