*BAT POU W YON  MODÈL*
Musique de : *Berlyyyy Jean-Baptiste*, Atis Nòdwès
***
Nan lavi,  genyen rich, genyen pòv.
Gen tèt grenn,  gen tèt swa,  gen tèt chòv.
Gen sa ki nan palè.
Gen sa ki san salè.
Men chak moun gen yon valè.
Depi w fèt, pou tèt paw ou son jij.
Où dwe gen moral,  ou dwe gen prestij. 
Menm siw ta kilbite,
Bat pouw gen diyite,
Wap gen Respè tout kote.
Se sak fèm pete  yon rèl 
Pou w ka yon  vrè  modèl.
Vrèman mwen  kwè  wap fèl!
***
*BAT POUW YON MODÈL*
FRÈ MWEN
*BAT  POUW YON MODÈL*
SÈ MWEN
*BAT POUW YON MODÈL* *BAT POU W YON BON MODÈL*
***
Depiw  fèt ou dwe briye  kou zetwal.
Pa janm pote pantalon pou  bel twal.
Pa pran  pleziw fe mal,
Ni nan bagay ki sal.
Devan moun  ni anba chal. 
Renmen lekòl ,nan lavi wap fe gòl.
Nan je tout moun,  bat pouw jwe yon  gwo wòl. 
Pa janm  fè vyòl  ni vòl,
Menm lèw pa gen nan bòl.
Evite tout sa ki dwòl.
Mwen  menm mwen sèmante,
Poum di laverite.
Yon  modèl map rete. 
Texte de : 
James-Kenley JEAN-BAPTISTE HAÃTI  (FACEBOOK)
TEL: +50932987272









