Se vre ou bèl, ou tèlman bèl 
M anvi siyen kontra tout rès vi m nan pye w
Se vre w janti, se pa manti 
Bagay sa kont pou fè tèt mwen pati
Lè w bò kote m santi fòs mwen double 
M kap travèse loseyan a pye 
Bon fanm ak kè se sa ou ye an verite 
Baby you are the best 
Ou gen yon kalite ki la trust me you’re bless
Mwen deja aksepte konvèti nan jadin lanmou si w ban m yon chans
Se kè m ki chwazi bò kote w 
E l deside rete avè w 
I wanna fall in love with you baby all the way
Se vre mwen la mwen pap fè on pa 
Mwen vle pou lanmou sa rete ta
Ou se sèl fanm ki okipe lespri m 
Nan ou mwen jwenn terapi ki adousi kè mwen
Metriz ou an lanmou se tèt chaje
Yon bote chokola ki byen dore
Cheri tanpri di mwen kisa pou m fè pou mwen ka posede w
[Bridge]
Ou okipe panse m cheri
Mwen deja all about you
Sa pou m fè
Epi n ale, men konpa
[Keyboard]
Dwèt selèst la 
Again ankò, and again 
You look so fly to me girl
Ou fè tèt mwen pati pou ou mwen fè on foli 
Sou mwen y ap pran plezi – kite mele m
Podiab yo pa konnen kijan mwen tap fete 
Si w te banm chans pou m lave pye w
Fanm sa fè m depale rele gagagougou Avèk anpil lanmou
Li fè m reve je klere, li se tout sa mwen bezwen
Lanmou sa pranm epi li vire m tou won tou won
Santiman m pou ou cheri sa plante andan m trè fon
Sa pou m fè
[Keyboard solo]
Se bon pou mwen cheri
Sa k te voye m
Li kenbe m nan kòtèt
Ala dous ala swa
Maestro tonnè
You look so fly to me girl
[Guitar solo]
Guitar lari a
Roberto
Yalal 
Lanmou sa pranm epi li vire m tou won tou won
Santiman m pou ou cheri sa plante andan m trè fon
Sa pou m fè







