[Verse]
Pral gen gwo koze gwo talk
Gwo testicul gwo kòk
Rete atantif m vin ba nou poul ki klè tankou dlo kòk
Wi m genyen de nesans
Album sa s on renesans
Nou pral tande kòmsi n pat janm konnen
mete kas pou n fè konesans
lòt la avi kou Ariel
gen achiv pou fèmen karyè l
HMI tann kabrit la fin antre kounya l vle fèmen baryè l
Pa gen dout sou fiti a no daso pou piti a
Dayè pandan traka la *** pou kilti a
M ap toujou fè nou malonèt
M konnen nou pa onèt
Isi a se bilbòd konn ran nou bann ti rapè kamyonèt
E si w vle defini pi fò pi fò se mwen
Pa chache pi fò ke mwen
Yo tout sanble m pifò se mwen
Genyen k vle fò ki fòse mwen
Se kè m ki pwòp ki fè se mwen
Se kopye m twòp ki fè w se mwen
Eskize m m pa tap tounen se chinwa yo ki fòse mwen
Olye n ap atake mwen
Kenbe game mwen pou n ka briye ake mwen
E nou tout temwen ke se mwen
Se te mwen rete mwen ete mwen
Ate mwen byen ke mwen
Etènn mwen yap reve yo te mwen
M ap fè yap fè tankou m
E yap ret tann yo fè l pi byen ke mwen
Hmm sa traka genyen
Ak magouy sou magouy men yo pap ka genyen
Ak egoyis magouy men yo pap ka genyen
Gad gwoson monuman manman papa genyen
M te sa yo pat bezwen
M vin sa yo pap ka genyen
An nan chak punch m ofanse w
Pi wap beef pi wap anfonse w
Se mwen k te kreye w m konn panse w
M fin fè w abi m konpanse w
M pran w pou advèsè
M wè w ap jwen pou mwen
Se mwen k ap rekonpanse w
M gen plizyè vi m ap viv an Frans e m ap viv nan panse w
Gen resif pa fonse album nan anonse
M fè yo kanpe ap fè tout sa m fè pandan m ap avanse
M ap travay sou retrèt – e yo
Y ap travay pou vin tankou m
M efase idantite l
M fè l bliye tèt li pou m ka viv tankou l
Quand il s’agit de pi gran
Sa w reveye ya se mwen l tap refere
M pa atis ou prefere men atis ki ba w atis prefere
Kounya ke chak chen chache ti zo pa l
Nenpòt sa k jape ap jwenn prizon pa l
Tout sa m manyen tounen lò men depi w twò engra w ap tounen krizokal
HMI nou an sal m pat vle nou sal mwen m rete nan pi vo
Genie toujour incompris
Donk pou n konprann mwen m te ret nan nivo n
M pa vin pou m rete m just vin rantabilize sa m depanse a
Nou te panse m patap reyisi men m reyisi sa m te panse a
Inaccessible kou Pablo Picasso
M ap vyeyi m ap pran valè tankou Pablo Picasso
Valeur inestimable Pablo Picasso
Chak pwofè son chef-d’œuvre rele m Pablo Picasso