Ou Se • Richie

ADDED BY NEGLAKAY (DEC 26, 2013 AT 11:12 PM) 42,521 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Happy 50 Kompa
Year: 2005
Featuring: Gazzman Couleur
Produced by: Richie

Ou Sé

Mwen sou kabann lopital
dokté pwal opere’m
se moman ki pi fatal
malgre’m kwé nan bondye
zanmi fanmi tout pati
E yon’n pa ban’m lavi
Se ou men’m sél ti cheri
Ki pat pete kouri
Lé’m te dekouraje
Met ajenou prye
Gen sa ki te swete
Ke relasyon’n kraze
Nan syél la gon bondye
Li pou granneg ni malere
Toutan lanmou ekziste
Mwen menm avè w

Nou soude eee

Nou dedye misiz sa-a
A tout moun si sou kaban’n
Lopital ou nan sal operasyon
li pa fasil

Mwen fenk sot ladan’l
Men gras a dye ‘n reyisi
E mwen swete ‘w konnen tou
Ou pa pouko’w
Apre Bondye n'avew

Epi Couleur nan djaz la
Eh ey, Richy ou still standinh after all
After al wi

Ou se zanmi’m
Ou se fanmi’m
Ou se manman ‘m papa’m
Ou se kod gita’m
Se chak jou map mande
Si’m pat renkontre’w
Sa’m ta ye

Ro ho non non non
Ah fanmi demake
Zanmi evade
Yo pat panse’m tap chape
Ou sél kit e rete
Kijan’m ta fe bliye'w
Mési pa sufi ka si mwen anvi
Apre bondye se ou cheri
Misik sa s’on kontra
Mwen garanti’w
Mwen pap f’on pa

Ou se zanmi’m
Ou se fanmi’m
Ou se manman ‘m papa’m
Ou se kod gita’m
Se chak jou map mande
Si’m pat renkontre’w
Sa’m ta ye

[Kouto mwen pé kouto
Sizo mwen pé sizo](2X)

[Ehh, gen de bagay ki rive on nom
ki ka make’w tout lavi ya’w
Gen eksperyans ou féDan lavi
de bagay ou pap jan’m bliye](2X)

[Rele manman’m pou mwen
Rele papa’m pou mwen
Rele zanmi’m pou mwen
wa di yo’m sove](2X)

[Kouto mwen pé kouto
Sizo mwen pé sizo](2X)

Rele manman’m pou mwen
Rele papa’m pou mwen
Rele zanmi’m pou mwen
wa di yo’m sove](2X)