Born 2 Win-Barikad Crew

Genre-Ragga/Rap/Hip-Hop
Year-2012
Produced By-Fred Hype
Fantom]
S on bagay mwen kòmanse mwen pap lache
Mwen gonfle ponyèt mwen nan figi sistèm nan m ap flache
E s on bagay mwen gen lakay mwen mwen pat al achte
Yon bout move kon kong mwen se kontrè tout sak lachte
Lontan m te gon pè tenis pye m te santi mayas
Ak de nesans mwen te Danyèl lari te rele m payas
Yo trete m nèg sal men sal pou sosyete mwen pat gen plas
Mwen kenbe diyite m fyète m kounya tout moun vle wè m anfas
Mwen vin premye lo sak jwe bingo se sou mwen yo fè miz
Mwen montre sam vo sak vize wo sou mwen vle met anpriz
Yo pat konnen ni m pat plenyen men lè mwen pat gen anyen
Sa m te konnen yo pat konnen mwen te fèt pou mwen genyen
Vin gen rezon devan kras paske m gen lanmou pou dlo
Gen 4 sezon gen 4 fas m vin pi granmou vin pi gwo
Devan sa k t ap souzestime m ni sak t ap teke pye m
Sila yo k te vle avegle eklate tout sa k te vle bloke m
Mwen eklate

[Refrain By Marco]
I was born 2 win

[Bricks]
Dat m fèt se 3
Zòn m fèt se mas la
M fèt san papa
Se aprè l rekonèt shotta
Menm misye wè m s on kòb vèt
Depi m bebe m pwomèt
Vire a laj de 3 zan yon ti val pa vle wè pwòp tèt
Apè sa tout sa m te fè lè m te briye
M se nèg k abitye pase lekòl san menm etidye
Tout sa m ap fè m lage m ladann
E ceci san mezire m fout fò nan tout (nèt)
Bondye wè se sa m merite
Moman antèman te tcheke m li gade m li souri
Dekourajman vin tcheke m li jis wè m li kouri
Lè chanmbalan vle dejwe m yo tout wè m pi pouri
Yon malpalan k denigre m yo te prèt pou mouri
Se pou m moutre w se pa chans ki fè m la vre
Se pa koutwazi non big man ki fè m sa m ye (tonnè)
Se Bondye ki wè se mwen ka pote l (kòd la)
Bricks is the winner loser chita kopye l

[Refrain by Marco]
I was born 2 win

[Izolan]
A 19 an m te deside pou m fè street
Fanmi m pat janm dakò yo di m son manje k pot ko kwit
(Mwen t'al twò vit)
Pat gen pwoblèm anndan kay la pou m ret grangou
Menm te toujou ap panse kisa demen mwen ap devni
(Pat gen avni)
Mank parenaj fèm pa janm nan yon gwo lekòl
Edikasyon familyal mwen fè m kenbe yon pwotokòl
(Mwen pat pran dròg non)
Tenis nan pye m konn fache jiskaske l boude
Men m pat ka mete l poze paske m pat gen lòt pou m woule
(M konn reziye m)
Jean ki sou mwen m bay kou jiskaske l chire
Vye pantalon bay sou talon m nan defwa tou li konn fisire
M se sèl nèg mizè kenbe men men m pat fè figi m fennen
Menm lè li konn pran mwen a gagann
M konnen yon jou l t ap banm legen
Gade kounya wout la trase pou mwen
Ansanm ak Barikad le mond antye fikse sou mwen
(M te vize lwen)
Bondye pou mwen m toujou kwe nan lapriyè
Mwen fin venk etap fè nwa yo men kounya mwen nan limyè

[Refrain by Marco]
I was born 2 win

[Brital]
Brital brital
M ap reve jamè m fleri
Se tankou sa te predi
A bouch mwen m pote plezi
Laj mwen sa m fè moun yo sezi
Depi ou tande vwa m ou frik
Tèlman fè devwa mwen strik
Sou mwen ou pap menm ka pot kritik
Tout sam fè banm fanatik
Brital kap bay panik
Toto w konnen m gen full teknik
Pou m chanje pwoblemantik sistèm nan map grennen lirik
Mwen trè dinamik
Mwen s on sous enèjetik
Mwen se desandan Lafrik
Men m g on pase istorik
Mwen s on etwal kap briye gwo midi nan Pòtoprens lan
Se depi m fèt ak maji m reflechi m viv tankou prens lan
Mèsi Granmèt ap ban m pwisans lan poum travay an plen tan
Desten m predi, tout enpòtans yo fè m kanpe san krent lan
Tout moun konn valè m, solisyon tout pwoblèm
Brital sonw anblèm toujou pote gwo powèm
Chak jou m gen plis enpòtans nan je yo
Tout sa k ap pale m tande yo
Paske m toujou chofe yo
Fè m chon fle yo map pote yo

🎭 Discover Authors

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

Singer, rapper, songwriter, comedian, social media content creator, Kelly Krow wears so many hats that it's almost certain that you've come across his work either on a music or a social media platform...
W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

Joé Dwèt Filé dropped his debut À Deux last week and sold out his first-ever concert at La Cigale. Is it all hype? Short answer: no. Long answer? Here's how @JoeD...
W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

Since Nathalie Cerin released her first two studio singles, Ti Nèg Chèlbè and Bèl Tifi, we've been waiting for a complete project from her. It's finally here, and ...
D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

Episode 1: Jean Winer Pascal We're excited to launch Nannan Podcast. We'll be having candid conversations that get to the heart of music with our favorite songwriters, artists, musicians, producers...
W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016

2016 was an epic year for the HMI. We mourned over a few break ups and celebrated new beginnings. Throughout these ups and downs great music came flowing through our speakers faster than we could cons...
Join Our Haitian Lyrics Community & Earn Rewards!

Become a contributor and share your favorite lyrics

Not only will you get to contribute and connect with other music lovers, but every time you add lyrics, you earn points! celebrate the beauty of Haitian music while unlocking awesome benefits. The more you contribute, the more you earn! Don't miss out! Be part of a community where your love for music pays off!
hero

What's Wikimizik

WikiMizik explains Creole music songs. Konpa, zouk, kizomba, racine, kanaval. You name it.Jam to your favorite tunes. Share the lyrics and your interpretation of your favorite lines. Just click the line and add your explanation. It can be a couple of sentences, a picture, or a video. Or all three.Anyone can create an account. And anyone can comment on other explanations.We know what's gibberish to some is deep to others. Together we'll tell the hidden story in every lyric, slogan, and shoutout. It's simple...
  • 01Add Songs
  • 02Add Explanations
subsc