Yo Pranm-Kreyol La

Genre-Konpa
Year-2006
[Verse 1]
Jou a rive, e mwen pare
Mwen nan pye verite m
Pa mande si mwen strese
Nan tèt mwen sa kap pase
Tout moun kanpe lè l'ap rantre sou yon mizik k'ap jwe
Map gade li mwen souri
Nan tèt mwen chaje souvni
16 an, 17 an kòmanse fè vakabon
Ak zanmi lekòl nan tout fèt ap fe ti pouchon
Se te yon defi pou te renmen ak plizyè fi
Se te menm yon foli pou rakonte jan yo soufri

[Verse 2]
Devan fanmi, devan zanmi libète n pral fini
Yon lòt paj ki pral ouvri, yon lòt etap nan lavi
Plis wap grandi, pran plezi nan lòt reflechi
Fè tout kalite eksperyans ki gen nan lavi
Men san avèti wa wè kijan yon fi vini
E se li wa chwazi malgre sa la sosyete di

“Ainsi, l'homme quittera son père et sa mère, et s'attachera à sa femme.”

[Bridge]
Pasaj oblije ke lavi mande
On dit de nos jours, li pa rapòte
Yon lyen ki sakre ke lèzòm souye
Fòk ou sakrifye w si w vle fonde yon fwaye
Jodia li pou mwen demen li pou yon lòt

“Chéri, je te donne cette alliance en signe de notre amour.”

[Chorus]
Klòch la sonnen, yo pran m
Bag la pase, yo pran m
Manman m ap kriye, yo pran m

[Bridge 2]
Yo di jou maryaj la nou tout chanje
Moun ou marye la se pa li w te file
Oblije reziye w madanm ou li ye
Se sou bra l pou apiye

[Chorus]
Klòch la sonnen, yo pran m
Bag la pase, yo pran m
Manman m ap kriye, yo pran m

[Guitar solo]

O O, gade nèg a vès
Yap veye resepsyon an
Ey, antrenè Brezil la, bon kote w prale ak vès a kawo sa a?
Se Damien'w pral jwe?
Fini les sorties en toute liberté
Fini les dépenses sans nécessité
Paka gaspiye depens yo double
Yo pral pale m de ti bebe

[Chorus]
Klòch la sonnen, yo pran m
Bag la pase, yo pran m
Manman m ap kriye, yo pran m

[Keyboard solo]

Gad'on kòd, gad'on kòd..he hey
Lè medam yo ap pran nou, gade non, sousi yo kadnase

Demenaje, peye lwaye,
Ahhh, piti ou gen bil
Yo pale anpil, yo pa fasil
Ahhh, monchè reziye w

Yo yo yo yo pran w
Yo yo yo pran w

🎯 Popular Articles

W
Wikimizik·May 01, 2019, 11:42 PM

Songwriter's Corner: Kelly Krow

Singer, rapper, songwriter, comedian, social media content creator, Kelly Krow wears so many hats that it's almost certain that you've come across his work either on a music or a social media platform...
W
Wikimizik·April 13, 2019, 01:26 AM

Who Is Joé Dwèt Filé

Joé Dwèt Filé dropped his debut À Deux last week and sold out his first-ever concert at La Cigale. Is it all hype? Short answer: no. Long answer? Here's how @JoeD...
W
WIKIMIZIK·December 22, 2018, 12:02 PM

Discover Talie's Debut EP 16 Novembre

Since Nathalie Cerin released her first two studio singles, Ti Nèg Chèlbè and Bèl Tifi, we've been waiting for a complete project from her. It's finally here, and ...
D
Darryl Dieudonne·July 23, 2017, 12:00 AM

Listen to Wikimizik's New Podcast

Episode 1: Jean Winer Pascal We're excited to launch Nannan Podcast. We'll be having candid conversations that get to the heart of music with our favorite songwriters, artists, musicians, producers...
W
Wikimizik·December 30, 2016, 04:48 PM

Top 16 of 2016

2016 was an epic year for the HMI. We mourned over a few break ups and celebrated new beginnings. Throughout these ups and downs great music came flowing through our speakers faster than we could cons...
Join Our Haitian Lyrics Community & Earn Rewards!

Become a contributor and share your favorite lyrics

Not only will you get to contribute and connect with other music lovers, but every time you add lyrics, you earn points! celebrate the beauty of Haitian music while unlocking awesome benefits. The more you contribute, the more you earn! Don't miss out! Be part of a community where your love for music pays off!
hero

What's Wikimizik

WikiMizik explains Creole music songs. Konpa, zouk, kizomba, racine, kanaval. You name it.Jam to your favorite tunes. Share the lyrics and your interpretation of your favorite lines. Just click the line and add your explanation. It can be a couple of sentences, a picture, or a video. Or all three.Anyone can create an account. And anyone can comment on other explanations.We know what's gibberish to some is deep to others. Together we'll tell the hidden story in every lyric, slogan, and shoutout. It's simple...
  • 01Add Songs
  • 02Add Explanations
subsc