Idantite'n • Hilaire Mesadieu

ADDED BY LYNSMESADIEU (DEC 20, 2017 AT 8:52 AM) 5,288 VIEWS EDIT

Genre: Twoubadou
Album: Idantite'n
Year: 2017
Featuring: Hilaire , Jude, Samuel, Jerry, Lyns
Produced by: Par Wake Up Musik Twoubadou
Lyrics by: Maestro Jude Sylvain And Lyns Mesasadieu

Idantiten

Ou plede ap palen mal di wap gad ale nou
Pou twoubadou ke nap jwew di nap gache avni nou
Ou pwan ti chèz baw ou vin chita pouw odisyonen pouw al fawouchen
Ou leve danse, wake up se sa nou ye

Wi nou se sa ou te panse poutann pliske sa vre
Nou edike nou byen fòme n renmen sosyeten tout bon vre
Nou jwe mizik poun reyose ekla tradisyonn ki fin aleeeeeeee
Wake up wake up. Se sa nou ye

Pa plede palen mal pou mizik nap jwe,
Pa plede kritiken siw we nou devwe
Yon sosyete k chaje anpil moun fome
Li degrade menn paka kitel kraze
Wap plede pale n mal nou konn sa nou ye
Anpil pwoblem lew gen nou w pwal kontakte
Pwofesyonel nou ye nou pap repousew nou pret poun edew

Si antrepriz ou mal jere, wake up gen jesyonè ladann
Si anvironman degrade, wake up gen agronòm ladann
Diw gen pwoblem sante, wake up genyen medsen ladann
E si genyen yon diferan nan zon nan wake up gen avoka ladann.....(bis)

Bon twoubadou,vrai style kreyol wake up ap jwe
Tout lot tandans yo byen apresye
Le touris vini nou ape jwe yo byen pase
Sa pwouven konbyen twoubadou n moveeeee.
Bon twoubadou,vrai style kreyol wake up ap jwe
Tout lot tandans yo byen apresye
Le touris vini nou ape jwe yo byen pase
Sa pwouven konbyen twoubadou n moveeeee.

Pa plede palen mal pou mizik nap jwe
Pa plede kritikenn siw we nou devwe
Yon sosyete k chaje anpil moun fome
Li degrade menn paka kitel kraze
Wap plede palen mal menn konn sa nou ye
Anpil pwoblem lew gen nouw pwal kontakte
Pwofesyonel nou ye nou pap repousew nou pwet poun edew

Tankou beethova hobas mw di nap pouse do twoubadou n voyel monte
Ti paris papa twoubadou nap pouse do twobadou voyel monte
Nemours jn Baptiste nou pap pap bliyew
Nap pouse do twoubadou voyel monte
Menm jan avek keke belize nap pouse do twoubadou,n voyel monte