Men Pitit La (Istwa Trajik) • Don Samy

ADDED BY SNEVY (MAR 15, 2015 AT 9:16 AM) 25,629 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Produced by: BJ West

[Verse 1]
Mesye dam la sosyete apwoche poun tande
Kote yon istwa trajik te mete dlo nan je
Don Samy pran Pitit moun yo l'ale nan raje
Move chans pou li,gwo dlo te pote yo ale
Li esye sove pitit la, men sa pat mache
Li mete 2 men nan tèt epil tonbe rele
Lè vwazinaj vin mete pye yo mande sak pase
Se lè sa'm tande paran pitit la kap rele

[Chorus]
Samy, Banm pitit mwen
Don samy,Banm pitit mwen
Vwazen'm kriye ,Banm pitit mwen
Mwen pa gen 2, banm pitit mwen

Samy , Banm pitit mwen
Don Samy, Banm pitit mwen
Katye plen moun, Banm pitit mwen
Yap rele, Banm pitit mwen

[Verse 2]
Lèm tande sa mwen pran djola'm
Manchèt mwen anba bra'm
Malgre lapli sa pat anpechem al sove lavi
Lèm reflechi ak paran sa ki nan chagren
Mete sou samy ki pa g'on dola kap plenyen
Maleeee,male jisk'o ginen
Yo fèm konpranm timoun nan pa mouri
Se le sa mleve , epim tonbe chèche
Bò rivyè a m'ale san pèdi tan
Poum te kapab sove timoun nan
Kouri lopital m'al chèche tretman
Lèm pot timoun nan bay paranl rele anmwey

[Chorus]
Samy,Men pitit la
Don Samy,Men pitit la
Paran kontan,Men pitit la
Yap danse, Men pitit la

Samy,Men pitit la
Don Samy, Men pitit la
Se la joie, Men Pitit la
La guété , Men pitit la

[Verse 3]
Dèfwa gen bagay ki kapab rivew
Siw pa pran tèt ou kapab vin fou
Lè malè a rive paran pap dou
Lèzòm telman fòkè on moman yo jijew
Istwa trajik sa fè mwen tris anpil
Poum jwenn solisyon m'te mache anpil
Se mwen Don Samy ki koupe tout pawol anpil
Depi lè sa tout moun ap rele anmwey..
Men Pitit la.

[Chorus]