Jèn An Aksyon • Fragil

ADDED BY DIDIER (MAR 15, 2015 AT 12:29 AM) 23,005 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Mixtape “Game Over”
Year: 2015
Produced by: Fragil Prodz | Rich Beatz

[Intro]

[Chorus]
Chak joun leve maten vire pòch lanvè n pa jwen5
Pou fè Lajan gen nan nou k'abiye an gren 5
Nou jèn nou gen fòs men sosyete a revoke nou
Nou gen talan n' pa jwen élan move lavi ap sivoke nou

[Verse 1]
Lontan mte panse reyisit sete on facter de chans
Laj mennen rezon mwè se travay ki fè lavi gen sans
Lajenès Ann met may nan tèt kole poun travay
Ann met avnin sou Ray positifman Ann batay
Fwa sa fòn jwen San merite paske nou pap reziye nou
Tankou diri nan mamit nou pap kite yo mezire nou
Education se sòl ak solmi tout sosyete k vle vanse
Track sa m'ekri l poum on eduke Mpa vle pou moun danse
Lajenès Ann leve kanpe poun pran peyi n' ak 2 men nou
Rete lekòl (coz) fòn eduke poun ka azure demen nou
M' konnen n' gen talan tout sa nou bezwen se elan
Fòn evite adiksyon drug ak alcohol coz li trè colan
Nou gen plus poun prove kè San déjà reyalize
Renovation Bon jan devlopman pou peyin nou vize

[Chorus ]
Chak joun leve maten vire pòch lanvè n pa jwenn5
Pou fè Lajan gen nan nou k'abiye an gren 5
Nou jèn nou gen fòs men sosyete a revoke nou
Nou gen talan n' pa jwen élan move lavi ap sivoke nou

[Verse 2]
Si jenès savè si vyès pouvè ensamble on pourè
Change eskanp figi peyin dechouke la povrete
Mpa ka jèn m nan peyim poum manje fòm met palto gren 5
Sak di yap kanpe dandi pran lari ak gro 45
Pifò nan nou fè rezistans (coz) nou konn fè nwa pa vle di lanfè
Men lè grangou a ataken nou pran goul coz nou pa gen Lang fè
Sin vle gon chans poun Viv byen konsyans nou pou aktive
Yo rejte tout kategori jèn menm sak yo k' trè cultive
Yon sosyete k' pa ofrin anyen men poutan k' trè egzije nou
Aprè 16 ans lekòl anpil sakrifis yo pa integre nou
Anpil night bat anpil bèt bat ak 2 examen back dèyè l'
Depoze ceve pou Ou jwen job yo Mande back dèyè l'
Tèt nou nou pap koube et fòk fanm yo ka jobe
Lit la fèk Komanse et n' deside pa kanpe (paske)
Mizè tromatize lespri nou boulvèse
Gen tròp San jèn ki vèse n' Preske pran lari ranvèse
Li fè lè poun avanse Abraham di sèt ase
Demen si se nou k' pral ranplase (kounya) fòk yo ba nou pase (fòn fè)
Fòn fè Revolution ki se rèv an evolution
Pa gen problem ki rezoud San pose pou jwen solution