Yon Lide • K-Libr

ADDED BY DIDIER (MAR 14, 2015 AT 5:59 PM) 16,274 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Knock Out
Year: 2011
Lyrics by: Valckensy (K-Libr Mystik) Dessin

[Strophe 1]
Peyi m nan aanvan l jeografik m reyalize l son lide
Milye k toujou gen tafik nèg kap brase gro lide
Nan tout projè global lè katastròf non l pibliye
Nan mond lal l sonw ti kal sa kòz se non l yo pi bliye
Pou bati chato politik li se bon pilye
Men maltrete malere mal peye se la anpil ye
Bèf chenn imilye pye atè pa milye la y anpile
Pou sa kap brase lide k met soulye plede vin pile

[Strophe 2]
Li sonw salon sa k chita la se vagabon
Depiw soti la déjà yo di ke w pa ka bon
Li sonw sal a manje laa moun pa ka manje
Sonw akroupi m chaje w men sal pa deranje
Katon sèvi kabann li pa chanm a kouche
Men se pa de pitit pou vann ke l pa akouche
Sot nan lakou pouw antre nan kay la l se lento
Poutan l se ti lakou granmoun kap fè fent yo

[Refren]
Men, se laa map viv
Men nan machwè map swiv
Yon peyi kap depafini
Men lide l pa fini (bis)

[Strophe 3 ]
Chak lè gonw prezidan k’monte pou li gen plis ke 110 vizyon
Se plis gro tèk lip pran bò tèt bò ronn fèl vin pi grizon
Dim, youn nan yo k pase ki gouvène san divizyon
San san koule san inosan pa pouri anndan prison
Yon pakèt vizitè bègwè
Kap jwi gwo perdiem gwo mak machin fanm pouf è wè
Nan bouch yo l tankou w bout kann menm maa yo pa menm vle jete
Li se mache e l poubèl tout sa k pa bon se la yo vin jete

[Strophe 4]
Non l yo ekri sou kwi, li se zèl kat pou mande èd
Men l bouke soufri, twòp epi figi li toujou lèd
Yo fè reklam nan tout radyo machann kap pwomennen rèv
Men nan zòn pam nan m pa yon grenn yo tout gen lè fè grèv
Nou sot nan fon ginen se la nou vin refijye nou
Nou goumen pou libète ke yo te refize nou
Listwa te batize nou tout pitit solèy
Men anba solèy la, yo pa plase nou tout soulèy

[Strophe 5]
Soufrans Ayiti sonw teks ki ekri san pwen
Chak fwa malè rive l nan nouvèl li se gran pwen
Men aprè y opa janm manyen l,
LI sere nan fon panyen kondane pou l pa anyen.
Pitit li se kwa l, yo sele li kou chwal
Richès li se vwal, peri se devwa l
Eksplwa l nan listwa fè yo mete l nan lis nwa
Sou do l yo mete plis pwa, men malgre l sanzespwa

[Strophe 6]
Se chak jou yon ti moun wè jou nan chak rakwen
Sonw mi total ki antoure l nan kat kwen
Se kote kras mizè angiz lavi fè kwen
Li se lizyè limit simityè depi l fè bren