We Win • K-Libr

ADDED BY DIDIER (MAR 14, 2015 AT 5:54 PM) 25,218 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Knock Out
Year: 2011
Lyrics by: Valckensy (K-Libr Mystik) Dessin

[Strophe 1]
Pa egri siw wè jodi a nap “shine”
Se paske tou piti n te gen yon rèv
Nou te kwè nan bon travay nou pat janm deside bay vag
Ni fè parès malgre tout vye eprèv
Kounya, se viktwa kap tann nou
Nou te ret tann tou pa n menm si yo pat konpwann nou
Nou travèse tout sa ki te vle bloke wout nou
Si w vle jwenn bout nou anlè a ou mèt al tann nou

[Strophe 2 (Ouragan)]
Plis ke 15 zan depi nap fèl trè byen sèlman sa n jwenn se “love”
Malgre tou nou te kontinye tout sa n lage se “love”
Vin jwenn, yo te wè n bon men yo pat konsidere n
Men jan pou nou yon pakèt fè men pa gen yon “salcon” k “sideré n”
Nou te klè ke chak grenn aksyon n tap poze fò l fè enpak sou moun
Pou chak son nou fè aksyon nou pwouve ke pat gen rap san nou
Pa pil, nou konn jou k “néfaste” men n pat janm “tourné” fas
Nou “defrayer la chronique” kounya a nap fete jounen n “fast”
Nou pat kwè nan aparans, kou yon pakèt ti grajè k san talan
Aparans, dim sa yo fè k te bon ke desann pantalon
Nou pat pase tan n ap kriye men n tap mete sou nou chak jou
Kounyaa gad jan nap briye menm etwal yo de nou jalou
Tout sa k te di n pap janm anyen, bagay moun nou pat janm manyen
Avèk anyen nou fè mwayen, e fòs nou se sèl nou k genyenn.
Nou tonbe but nou leve, poun rive fòk nou “oeuvré”
Nou pat pase tann ap danse, kounyaa se nòmal poun chante

[Refrain]
We win! We overcome it all
We win! No dark at all
We win! No stress at all
We win! We’re not dyne em all
We claim victory yeah! No born for us
Victory yeah! We’ll fall like warriors
Victory yeah! They couldn’t burry us
Claim victory! Tell me what can stop us

[Strophe 2]
Se te nan frape tab tcheke kasèt fè batay “freestyle”
Nan kafou kot nèg rèd se sak te genyen plis “style”
Figi n te kraze kou bogota men n te gen gro motè
Sak fè n te fè gr opa sann pot ko jwenn promotè.
Lè yo fenk tande nou, yo di se vre n konn li men,
Dife k pou fè nou kwit la ap pwan tan poul limen.
Yo tout wè mizik nou bon men se pa li yo achte
CD nou nan men DJ te toujou ret kachte.
Men sa pat janm fè n fè bak, jiskaske n fè enpak
Kounya n ka fè “green back” sann pat bay jwe nan back
Nou te vize viktwa kounya a nap rekòlte glwa
San n pat fè ti koulwa vwa nou sou toput teritwa
Desepsyon n se te sèlman obstak sipèfisyèl
Limit nou te syèl, kouraj nou te esansyèl
Viktwa n vin ofisyèl, swe nan fron nou se te sèl
Ki te bay bouch nou gou siksè k fè kounya a nap fè etensèl

[Strophe 3 (Ouragan)]
Se pat syans man, se pat chans men
Pito se pasyans plis kwayans, gen kontwòl tèt nou man
Lavi sonw konba n te konn fò n ka goumen
Nou pat kite gaz lakrimojèn li yo frape n fè n kagou man.
Nou fè obstak tounen gaz pou n bat plis kilomèt
“Now” pil yo mèt fè devann kounya a nap sote l san pwoblèm
Pil nou nèf nou gen bon sinyal, e nou gen gwo “modem”
Byento nan diksyonè siksè ou dwe wè non nou kòm modèl

[K-Libr]
Nou pot ko “on top” yo tap eseye blo
Nou vin tèlman “hot” sou dife n yo ta vle vide dlo
Al chache dyab pouw vann jounenw
Viktwa se pou nèg ki gen fòs kip a pè goumen
Kou Maradona, Jordan ou Kobe
Pou jalou yo n se “phobie” pou fan yo n se “hobie”
Pasyans devouman pèfeksyon ki mennen nou
Sou wout viktwa k fè kèk moun rayi n men plis renmen nou