Pwan Pleziw Pou W Viv • K-Libr

ADDED BY DIDIER (MAR 14, 2015 AT 5:37 PM) 16,732 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Knock Out
Year: 2011
Featuring: Ouragan
Lyrics by: Valckensy (K-Libr Mystik) Dessin

[Strophe 1 (Ouragan)]
Eskew ka konte konbyen k’fèt pa jou men k pa menm viv yon jounen
Konbyen k nan kapòt pèdi bout souf
Konbyen byè cho grenn sitotèk nan fon matris koupe bout souf
Konbyen k pou jwenn youn pa bay sèks yon souf
Konbyen katastwòf natirèl pot ale, “stupidité l’homme”
Nan plede fè gè pou ti bout tè petwòl “cupidité l’homme”
Yo menm kreye tout maladi pou fè kòb, ak moun pè lavi
Ann pa kite pwoblèm fè ke nou pa jwil.
Devan n nou gen yon “futur k’incertain” “la mort ki certain”
Poun deside plen penti devan n, pan ou ki sèl pent “and”
Gen yon bann “intru” k ap “steping in” potel, fin detounen l
Lavi a bann yon bò tike nan plas depa n pap tounen menm.
Menas “asteroïde” “pollution d’air” plis “rechaufement climatique”
“Allignement planétaire” tout sa yo “problématique”
La bib pale de yon fen ki pwòch pou yo tout nou se gro sib
Tou sa n ka fè se byen jwi “life” nou tout tan ke l posib

[Strophe 2 (K-Libr)]
Gen moun ki fè vi yo nan chache bonè
Pandan l te kote yo yo pat wèl bone
Yo tap viv tan kou oubyen pou yon lòt
Lòt ki te pè deyò ki fèmen tout pòt
Fòw aprann de yè, konpwann jodi pou w prepare demen w
Jwi vikwa w ak siksè w e pwan echèk ou ak de men w.
Pa pwan pleziw nan rans amize w ak tanperans
La vi pa yon chans pa gaspiye l nan sak san sans.
La vi kou sa k nan mitan janm
Dè fwa l kout dè fwa l long, men lè l long se lè sa l di tou
Dè fwa fò w karese l pase men w anvan l dous pou ou
Fò w apwann ki jan pou w byen jere l gason ou fanm.
Konpare l ak yon plat manje k byen founi
Manje l cho lap boule w, manje l vit lap trangle w
Manje l mal lap gonfle w, konsa tou l ka touye w
Alòs pwan pleziw manje l tyèd jiskaske l fini

[Refren (Rutshell)]
Jwi la vi ou janw santi l frè mwen
Sèlman fè sak byen
Pwan plezi ou pou w byen viv sè mwen
Pou w pa regrèt demen

[(K-Libr)]
Kite plezi nan lavi w tounen dekò
Chak enstan nan lavi ou dwe jwi li san remò
Gon w verite avèl moun pa ka pa dakò
Chak enstan nan lavi son w pa an plis “vers la mort”