Nap Fèl Pou Yo • K-Libr

ADDED BY DIDIER (MAR 14, 2015 AT 5:33 PM) 17,222 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2011

[Refren]
“Zic” de klas pou netwaye kras, nap fèl pou yo
Efase vye ide “nefaste” wi nap fèl pou yo
Denonse tout sa k pa nan plas yo, nap fèl pou yo
Paske nou ta vle kite on bon tras, wi nap fèl pou yo
Tout tan gen tan, nap fèl pou yo
Tout move tan, nap wèl pou yo
Sak pa fè sans, nou pap bwè l pou yo
Tout penitans, nou gen fyèl pou yo
Pou kè yo kontan, nap fèl pou yo

[Strophe 1(Ouragan)]
Jiska prezan yo “still” pa ka konpwann ki fòs ki abite nou
Plis y ap panike nou piblik la ap vin pi avid de nou
Tout sa k ap mal jije nou, kwè m vrèman yo mal dikte nou
Tout tan gen fan nap rap pou yo se yo ki adikte nou.
Tankou on chantè k ap detone, yo plis ridikil nan tande
Sa k etone m sa k ap ranse fè kòm si lavi n te depann de yo
Menm nou pap sispann etone, fè pwòp konsyans yo kesyone yo
(Oh oh !!!) gadonw tenten ! Gen lè nou pi fre lè nou mete bone yo.
N ap “still” ba yo bon mizik, se yo k bann fòs pou nou fè plis “heat”
Ak yo pou nou bat senkyèm kolòn, nan mitan n avèn yo fè kolòn.
Nò, sid, ès, wès toujou menm lanmou, malgre “boycott” toujou kwè nan nou
Yo tout dakò pa gen rap san nou, plis ke sakre sa yo jwenn nan nou

[Strophe (Dèd)]
Yo se fòs nou, pou yo nap toujou fèl.
Ak yo nou fè nòs nou
Se yo ki vrè “boss” nou, pou yo nap toujou fèl.
Yo fidèl e yo “trust” nou.
Yo lòt fwa nou vin satisfè zòrèy ou, siw te chita nap met nan tout zòtèy ou
Bon jan remèd fèy, siw vle geri leve boutèy ou
Pou yo nap toujou fèl, trè bèl e sa yo k wèl
Di m limyè wouj K.O sa k te gen dout kounya yo kwèl.
Mystik pou la plu bèl, nou pa pot pou poubèl
Ouragan, Dèd, Klik klik, prensès Eud fèl poul bèl.
Pwezi nou vin pi bèl enstrimantal nou pi “groovy”
Sa ban nou plis fidèl plis kòmanditè, plis “groopy”.

[Strophe 3 (Eud)]
Depi se pou depoze sou bit nou vin gen plis apeti
Nou pozitif trè pwodiktif ak yo n mele tankou spageti.
Pa di m pat pale w, done yo chanje Mystik ap kalonnen
Se nan bay lapire y a dekouvri kantite k te balonnen.
1 dous, 1 cho, nap lage rap “soft” lage rap “hardcore”
Malpalan yo pa konpwann depi se nou tout moun dakò.
Nap travay nan tout nivo, sou nou tenten yo pa pè di
Si yo gade byen y ap wè n anlè a, sa vle di se tan y ap pèdi
Misyon n se denonse sa k pa bon, ak vye sistèm fè jenès la renonse
Fè w panse, danse sa k bon, rekonfòte w ak bèl pawòl sanse.
Chanje mantalite wi se sa k te konte, pou sa n t oblije gen anpil volonte
Gen sa k pat konpwann yo t ap voye monte, misyon n akonpli now se zo n pwal konte.

[Strophe 4]
Gon w bann enmi pwogrè k te vle Mystik kase fè de bout
Se ak fan yo n gen kontra se yo k pou di n lè yo vle l bout.
Pou kòb nou “incassable”, pou nivo n “inclassable”
Pou travay n “”inlassable, fan nou yo “insatiable”.
Plis nap ba yo “heat” se (yo show nou love) plis yo adikte (kou dwòg)
Avèk yo nou mikse (kou plug), sou chak tit nap dikte
Sa ki bon, sa ki trip, sa ki pwòp nan tande nou yo pwan plezi, plezi pou yo jwi lavi
Bon jan bit, bon jan “mix”, nou gen twòp flo ki marye ak bèl pwezi, li yo vle tande a vi.
Konpoze bèl melodi tout nan nwit nap redi
Gon w bagay “Dad” te di avèk lòt mo map redi l
Nou pa gen foli “beef”, nou gen foli kòb
Pou lè yo vle site non pou nou ka soti pwòp.