Duo Hors Catégorie • K-Libr

ADDED BY DIDIER (MAR 14, 2015 AT 5:11 PM) 14,509 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Knock Out
Year: 2011

[Strophe 1 (K-Libr)]
Pa rele m nimero 1, 2, ni 3 nou plis ke sa
Sa n fè ak Mystik 703 déjà pwouve sa
Nan rap nou met lòd, nou fè l tounen yon lekòl
Pwezi n ak flo n gen metòd, e l travèse tout lekòl.
Mwe rankontre ak “Gann” tou piti, rap te mach nan san m
Bonè n te konpwann lekòl bon teks te mache ansanm.
Se depi lè sa n pa sispann fè “expertise”
Nan pwezi, ki bay ni amatè ni ekspè “tease”

[Strophe 2 (Ouragan)]
Nou son odinatè k pa pè viris ou mèt rele nou “Mac”
Lirik nou lou tankou kamyon ou mèt rele yo “mack”
Yo tankou dan krab sou tout bit yo toujou kite mak
Ou konnen yo chè paf è m di plis tout sa k sou yo gen mak.
Nou panse a la segond e nou pa gen moun pou segonde nou.
Nou se “pit bull” yo “caniche” sa yo ka fè se gwonde nou
Segonde nou se domaj, tout sa ki bon se nou
Nan ki konkou n ta prezan pou w premye pou segon se nou.

[Refren]
“Challenge” ou “beef” yo plis ke sa
“Number one” oubyen “the best” yo plis ke sa.
“Bad boy” ou byen “gangster”
Konen yo plis ke sa
Pase yo w pap jwenn sa
Tankou yo w pap jwenn sa

[Strophe 3 (Ouragan)]
“Flow” n yo bay plezi pi rèd pase w fre “Kobe” pas
E sou chak bit yo varye se pa “du copy paste”
Tèlman n chofe sou sèn yo di nou fè pàn “radiateur”
Enèji nou gen pou n rap yo di n se “gladiateur”
Nou chaje admiratè, gen lè nou rèd tankou jezi
Sa n “drop” “full” ak mirak frè, gad jan farizyen yo sezi.
“C’est catégorique” nou “hors catégorie”
Nou tankou “Marco Van Basten” toujou an mòd “marquer gros but”

[Strophe 4 (K-Libr)]
Rap nou klasik tout sa nou ekri sakaje
Tout klas, ni sa k pi piti ni sa k aje
Menm si yo di l pa fè pati de sa k mache,
Sa k gen je fè diferans ant sa k makèt e sa k mache.
Nous santi bon n koute chè, nan pòch nou se kòm si “cash” te
Kachte, eskanp nou kou rad ki fenk dekachte
M krache m pa “care” de sa k egri ni fache
Apre la bank nou pa prete nan men tèt nan sak “vas chier”

[Strophe 5 (K-Libr et Ouragan)]
“Flow” n yo se pa a, b nou “just” grave sou cd
Nòt nou pap janm “AB” kidonk pa mande n pou n sede
Pa mete n nan menm lis ak rapè menm lè w ta blennde
Yo tout, ou pap jwenn yon grenn tankou nou ki blennde

Pawòl nou sonnen pi dous pase chansonèt, ou gon w chans onèt
Pouw fòme tèt ou pi plis ke siw te branche “net”
Mizik alman, n enstwi moun mizikalman
N soulaje pèn pot lajwa nan kè ke mezi kalman

Sa a se pa “woup woup, vip pip” kale bouyi
Pi fò flo yo pouri lirik yo se pale pou ri
Se paske nan rap nou tèlman fè “allégorie”
Ki fè yo klase “Knock Out” “duo hors catégorie”

Se pa djòlè nap fè nou depase stad nivo “professeur”
Sèvo k nan tèt nou gen plis ke 20 mil “micro processeur”
“Now” poze “sir”, pa fè n fè konparezon
Ak Kondoliezon, se konfonn pasyon ak rezon