M' Lage • K-Libr

ADDED BY DIDIER (MAR 14, 2015 AT 1:26 PM) 28,590 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Mes Tourments
Year: 2012
Lyrics by: Valckensy (K-Libr Mystik) Dessin

[Intro]
That’s the Maxi-Tape, Mes Tourments c’est l’intro, K-Libr version avancée

[Hook]
Fanatik ki avèm èske m mèt lage
Si n kontan wèm an solo dim si m mèt lage
Fanik ki avèm èske m mè lage
Si nou koontan wè K-Libr dim si poum lage

[Strophe 1]
M lage gonw pakèt nèg ki di y antrave
M vin bese medyokrite nan rap ki fin agrave
Se yon cd “record” ki pa pwan tan pou l grave
Nan KOLABO recordz ki rasanble nèg save
M fè vit sou kèk bit, poum akouche kèk tit
Ki koutem ke kèk nwit, ke m pa kreye poum fè “hit”
Men se pito kèk teks, ki pou souke kèk tèt
Ki wo plase petèt sou yo nou ka profite souke tèt.
Mwen deside lanse m an solo, nan mitan yon lo “sot”
Avèk kèk gro moso m vin dezapwouve kèk gromoso
Kap “fake” moun ak rap ameriken an kreyòl
M pot yon lòt hiphop yon lòt epòk ak yon lòt lekòl.
Nan rap kounyaa se toum nan pa vin atake m nan tou m nan
M rap verite koz tou manti pa fon se sak fè m rele Touman
Plak saa k vo plis ke sak edite déjà ke mwen lage kòm “mixtape”
Avan albòm nan mwen limite dega sonw desizyon san “mistake”

[Strophe 2]
M pati pou yon dezyèm tou pandan genyen k pèdi pa fòfè
Yo la y ap veye kou profite pyetine efòw fè
Mwen m toujou bèl ak moral mwen pi wo ke “la Tour effel”
M pa “Abel” ni tou m pa “Caën” k panse touye frèl.
Rap tap ekri “A.P” si m pat prete l “R” pou Raj
E l tap ekri “R.A”si m pat pretel “P” pou Pwezi
Mwen nan menm lis ak moun kap fèl ak pasyans ak kouraj
Li se yon “art”men m fèl ak syans poum fè tout moun plezi.
Maxi-Tape saa pa Wana donk par et tann li mache
Ni l pa “made in China” donk ou pap jwenn li nan mache.
Jounalis siw bezwen konn reziltam fòk ou peye on tikè
Dosye avèk rekò mwen tròp pouw ekri nan tiket
M anlè pandan bouch nou met rap an “Déclin”
M pa fè rap poum lave figi Benjamin Franklin
Mwen m fè “hit” nan “Ipod” m pa fèl nan radio
M pa MC gro “Billboard” ki vedèt gras ak rad yo

[Outro]
M ekri poum egziste, m rape poum reziste
Sak te vle m “désister” mwen fenk kare pèsiste