Ki Yès • K-Libr

ADDED BY DIDIER (MAR 14, 2015 AT 12:58 PM) 18,870 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Mes Tourments
Year: 2012
Lyrics by: Valckensy (K-Libr Mystik) Dessin

[Intro]
Kolabo recordz, 48 bars ankò san shot out
Mwen m pa gen kote m pwale non mwen menm
Ayisyen m ye pitit tè a, m pa nan rekonstriksyon pachiman.
Men dim ki yès ki pwal fè wout pou nou

[Refrain 1]
Men se ki yès ki konn chimen an
Ki va di nou ki kote nou pwale
Eske se yo ? ensanse yo

[Strophe 1]
M pwal ede n konpwann kisa ki fè
Dega yo plis pou nou ke Chili ki sot pwan yon pi gro sekous
Otorite nou yo angiz preparasyon se kous
Yo tap fè dèyè plis capital
Ki fè n pèdi kapital la ak yon pèt de vi kapital.
Vil la sonw simityè kot pi fò kay yo se te tonm
Malgre sak fin pase yo bay djòb pou pyese dekonm
A fo enjenyè, bòs mason tèt chat ki koz nan bidon
Vil yo konstriksyon fèt ak bonbon lanmidon.
San okenn rechèch operasyonèl
Yo reouvri lekòl pou ban nou plis iletre fonksyonèl
Pandan nap dèmi poupou pipi sou plas piblik
Ed imanitè pwal sèvi pou kanpay politik
Dwèt long poupe twèl ki pa menm ka administre
(lakay yo) Leta a chef la di li menm tou l se sinistre
Yap mande prolonjman manda yo poun ka repati
Ak menm politik debachi a yo pwal rebati
Yon ti pati nan Ayiti a k tonbe malkadi.

[Refrain 2 ]
Men se ki yès ki gen flanbo a
Kap klere chimen an poun pa tonbe
Se legliz ou byen lekòl

[Strophe 2 ]
Pou sa kap “bondyerize” sa kap “teorize”
Ye ye ye anpil nou priye
12 janvye sa pat anpeche nou tout kriye
Pou touye l pat nan triye, sa l paf è se sa l bliye
Pastè, ougan, pè, Kretyen payen tout pliye
Kataklis saa ba yo tout vizyon fatalis
Rèv apokalips, yo tout se bondye vokalis
Tèt ansanm nan non jezi k tap retanti a se te manti
Lè masisi, vòlè ak kriminèl, sou po te repanti.
3 jou jèn ansanm nou te wè granmoun kou jèn
Apre on semèn nou vin gen plis èn nan kè n.
M ap mande si konsyans pou nou son mo k sal
Lè n pwofite on sikonstans pou n fè plis voksal.
Kwè mwen si m di nou se pa tranbleman de tè k te touye nou
Se stipidite n ak kipidite n ki fout touye nou
Se ak enfòmasyon plis fòmasyon nou ka lite
Previzyon bon prevansyon kont katastròf tout kalite
Se pa ak kwa ni ak fwa

[Strophe 3]
Imaj Ayisyen sou tout tele
Tankou sou “CNN” nan kanaval diri n tap voye fay
Dram sa fè n konnen se sèl anba pye n ki gen fay
Fyète n menm jan ak kay nou yo pat parasismik
Chaje fay sistemik ak fay sistematik
Nou te san plan, n fè blan vin pwann pou rantanplan
Nou trò move plan, y opa ka bann jere lajan
Ed pou sitaden ki pwal kraze peyizan
Pandan ke yo konnen pa ka gen kòb nan yon peyi san
Politik ekonomik ki pou ogmante “P.I.B”
Distribisyon pwodwi lokal la pat dwe prohibé
Hen ehn !!! Tout Ayisyen se ameriken !
Mwayen poun rive pi rapid la se nan vant reken.
Batay “Geopolitique” kap fèt la
Nan je yo politik miltinasyonal pap pase la a
Sonw ti basen kot de kana pa ka benyen
Ton Sam di Japon Frans al chache yon lòt chen pou n benyen
Pandan yap souse nou kou pis ki sou do chen

[Outro]
Kounya liklik se nan elikoptè
Epi rantanplan menm anba a ap goumen pou diri
Lè daltòn menm kanpe an bon 18 ap mande pwolongasyon
A la de tenten papa