Jenès Ayisyèn • K-Libr

ADDED BY DIDIER (MAR 14, 2015 AT 12:48 PM) 17,829 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2012
Produced by: Askaan Prod
Lyrics by: Valckensy (K-Libr Mystik) Dessin

[Intro]
“Message lancé à la Jeunesse” Jenès Ayisyèn (K.O.LABO recordz)
Jodi a nou pot non elèv, demen se nou ki pwal pwan la relèv

[Strophe 1]
Konbyen vedèt rap tap bay si yo te ankadre talan
Konbyen sèvo lekòl tap bay sil te fèt nan yon sèl lang
Nou paka fin konte konbyen jèn ki echwe n’bay par an
A qui la faute? Eske n’ka di se Leta oubyen paran
Depi m piti yo fèm konpwann fòk m’al lekòl poum reyisi demen
Se depi, m’pwan liv kayem plim kreyon mwen ak de men
Erezman m te konn panse, koz efò m pa rekonpanse
Chak fwa m panse m fonw avanse, se wè mwen wè m rekòmanse
Sosyete ap tann la fen poul mandew saw te fè
Sanl pat edew, li pa menm bezwen konn ki janw pwal fè.
Gen jèn ki gen talan pou yo ta selèb kou Rihana ou Chris Brown
Nan spò genyen k’pi rèd ke Messi e James Lebron
Malerezman se nan lari a yo jwenn vedetarya
Sak gen diplòm lisans men yap pouri nan proletarya
Travay pou patwon mafya kap bwè fòs yo kou tafya
Paran yo pèdi pari a, Leta pwan yo pou paria

[Refren]
Ayiti pa tè leta,
Se paske n aksepte viv san leta
Ki fè nou retrouve nou nan yon tèl eta
Se peyi sou latè ki plis anreta
Ak yon jenès kap fin deperi
Jodi a pyès moun paka palem de peyi
Kap fòme ki ayisyen pou ki Ayiti
Repons lan nou pap ka jwenn li nan patipri

[Strophe 2]
Nan mitan jèn yo sak plis anvòg se pwan pòz thug
Pèdi nan dwòg, bwè gwòg, al glase nan mòg.
Kèk jèn ki reyisi pase ki ka fè kèk grenn dola
Ap pike devan san l pa fè sousi pou sak nan do l la.
Nan mitan nou la jenès yo fèn pèdi vizyon
Nou kite yo mete nan plas lapè divizyon
Politik la konpwann sosyo-ekonomikman fòs nou
Yo met ase baryè pou fèn pa ini fòs nou
Malgre kont syans politik fè nèg yo pèdi konsyans
Nan yon sans nan tèt nou yo fè nou pèdi konfyans
Nan plas lekòl yo bann ase bagay pou distrèn
Diskisyon sou fanm, rap, Basket, Football jis plèn.
Lespri ti medam nou yo merite foubi
Koz tele fin sal li ak Marina e Ruby
Bèl kounyaa pou yo tounen yon metye
BBM, Facebook, Badoo, pou yo se koutye.

[Strophe 3]
M pa janm wè yon peyi k devlope san klas mwayèn
Jenès an Ayiti n’reprezante plis ke lamwayèn
Jèn se rasyon nouvèl jenerasyon
Ki pou jenere aksyon k pou fè venere nasyon
Nou se 5 dwèt nan yon sèl men k’reyini pou tire yon kout pwen
Se jèn nan tout kwen ki dwe leve kanpe nan tout pwen
Poun di nou pa vle on lekòl kap fonksyone a 4 vitès diferan
Kap pwodwi andikape sosyal ki pwal met dife nan
Yon sosyete k’te déjà pa menm gen ekilib
Nou vle yon peyi k’satisfèn nan tout sans e ki lib
Chanjman an, jan Obama te dil « yes we can! »
Sin sispann sèlman chita bwè kleren chak week-end
Ou menm granmoun ou gen responsablite paw tou
Reyisit oubyen echèk jenès la se paw tou
Lèw fin plante ou dwe sekle wouze pouw jwenn bon rekòlt
Menm jan pou jèn yo fòn ankadre yo bay o bon lekòl.

[Outro]
Jenès Ayisyèn, Jodi a se nou k’pou fè tande vwa nou
Nou pat mande pou yo te plante’n, ebyen si yo fin fèl, fòk nou egzije pou yo wouze’n
Sekle vye zèb ki anpeche nou pouse, yo dwe pouse nou al devan, se pa pouse nou mete deyò.
Pandan nap revize pozisyonn ak priyorite’n, fòk nou rete konsyan e konfyan.
Saa sonw chanson de victoire et d’espoir.