TÒF [Kanaval 2013] • Barikad Crew

ADDED BY DIDIER (JAN 4, 2014 AT 11:06 PM) 22,038 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2013

[BRICKS/HYPE Intro]
Han…Atansyon, sa s'on rèd vibrasyon [Tòf!]
San presyon, nou fè'l gran dimansyon [Rèd!]
Distraksyon, edikasyon yon nasyon [Ah!]
Jenerasyon sa pra'l pase alaksyon [Yes!]
Revolisyon'n nan tèt nou, n'ap mache an pwogresyon
Motivasyon'n nan kè nou, n'ap bay jèn yo direksyon
Imilyasyon'w, echèk ou, dwe ba ou plis konviksyon
Pran desizyon grandèt nou, se sèl solisyon
----
[KONDAGANA]
Lajenès yon peyi se pi gwo trezò'l
Pigran yo ki pou tj pwoteje sò'l
Ba'l opòtinite pou li jwe gran wòl
Pa souzestime li apresye efò'l
Fo lidè sa yo ba'n twòp koze kremòl
Yo vle divize'n, fè nou fè sa'k dwòl
An'n kole zepòl
An'n prime lekòl
Non nou pa dwe ret bra kwaze tann leta
Rejete tout vye pratik kap ban'n reta
Fo'n travay plis, remet peyi'n anneta
An'n chanje sa, an'n chanje sa!...
Non nou pa dwe ret bra kwaze tann leta
Rejete tout vye pratik kap ban'n reta
Fo'n travay plis, remet peyi'n anneta
Fo'n, pa bliye, ke istwa'n, se idantite'n...
-----
[BRIDGE IN]
Oo ooooh! Oo ooooh! [Ahahaha]
Se kou'l cho'l kwit!

Oo ooooh! Oo ooooh! [Ouuuhh]

Se kou'l cho'l kwit!

Oo ooooh! Oo ooooh! [Gad jan yon T cho!]
Se kou'l cho'l kwit!

Oo ooooh! Oo ooooh! [Pare tas nou!]
-----
[IZOLAN]

Chak ane malad BC yo pou yo n'toujou pote T a
Yo te met te nan koma depi'n lage yo vle fete a
Tout jenès la renmen nou paske yo wè nou pa sou blòf
Konbinezon, difikilte, nan mitan tout nou kanpe tòf
Wi tout sa'k ta vle vin kraze nan figi yo'n met barikad
Se pa vizaj sa'n te bay ane chanje fò'n chaje kad
Pou lòt peyi n'pa ka poubèl yo
Fò blan sispann fè'n fè lago
An nou tout rezoud problèm yo
Nou fè kita men'n poko nago

----

[HOOK]
N'oblije kanpe tòf
Kon Wa Anri Kristòf
Nan peyi sa fò'w gen etòòòòòf
Nou bouke pran nan blòòòòòòf

N'oblije kanpe tòf [tòf tòf]
Kon Wa Anri Kristòf [ktistòf kristòf]
Nan peyi sa fò'w gen etòòòòòf
Nou bouke pran nan blòòòòòòf

[N'oblije kanpe tòf]
----

[BRICKS]

N' tèlman kanpe Tòf pirèd ke bwa kita nago
Yo di jèn yo santi ke nou pap fè yon pa nago [Ooow]
Se nou'k avni ou ka pa pran'n pou sa'n pa vo
Menmjan gen ti vini'k vle diss BC pandan ke yo pa vo'l [Ahh!]
Yon ayisyen yon pye bwa pou nou s'on fyète (wiiiiiiii)
Kit ou Milat kit ou Nwa jwenn tou pou'n mete (Bwa!)
Sak rekonèt nou se tenò nap ba yo holla
E sa ki ret tèt rèd kou kwatchòkò nap ba yo traka

----

[HOOK 2]

----

[Kanpe tòf!]

Jèn Pòtoprens [Kanpe tòf! Kanpe tòf!]
Jèn nan pwovens [Kanpe tòf! Kanpe tòf!]
Elèv lekòl [Kanpe tòf! Kanpe tòf!]
Tout etidyan [Kanpe tòf! Kanpe tòf!]
Tout atis [Kanpe tòf! Kanpe tòf!]
Tout spòtif [Kanpe tòf! Kanpe tòf!]
Tout peyizan'n yo [Kanpe tòf! Kanpe tòf!]
Nèg geto'n yo [Kanpe tòf! Kanpe tòf!]
-----

[FANTOM]
Depi lontan nape travay
Wi nan studio nape bat nay
Koman fè pou'n pa ta kanpe tòf [Nou se Tenò!]
Plede mache di nou se djab
Si'w pa respekte Barikad
Tout maskarad sal n'ap di yo vouzan! (Bakalaw!)

[Wach manman!]
Devan, dèyè, adwat, agoch, tout moun se
[Wach manman!]
Fanatik Rap ki nan foul la pa pouse
[Wach manman!]
Barikad Crew toupatou ap met dife
[Wach manman!]
Nou se pwalou! (Ou pa renmen'l vreee!)

----
Pou jenès la nape batay
Pou'n rive la nou pase tray
Koman fè pou'n pa ta kanpe tòf [Nou se Tenò!]
Plede mache di nou se djab
Si'w pa respekte Barikad
Tout maskarad sal nap di yo vouzan! [Bakalaw!]

[Wach manman!]
Devan, dèyè, adwat, agoch, tout moun se
[Wach manman!]
Fanatik Rap ki nan foul la pa pouse
[Wach manman!]
Barikad Crew toupatou ap met dife
[Wach manman!]
Nou se pwalou!…
-----

[BRITAL 1]

Sèl solisyon pou'n vanse
Pran pozisyon moralite
Plis motivasyon pou'n lite
Konsyantisasyon pou'n chanje
Mobilizasyon pou'n plante
Plis edikasyon pou'n prime [Hip Hop Kreyòl!]
Twòp imilyasyon nou bouke
Nou pot vibrasyon pou'w ponpe

[Weyyy!] Yon sèl peyi
[Weyyy!] Yon sèl drapo
[Weyyy!] Menmlè nap soufri
[Weyyy!] Nou pa pè fado
[Weyyy!] Jeunesse de mon pays
[Weyyy!] wi'm konn sa nou vo
[Weyyy!] Lè BC anvayi
[Weyyy!] Nou fè'l pi cho!

----

[BREAK: BRICKS/HYPE]

Yo Hype!
Big mann!
F'on poz! Moun yo ap fè ovèdoz!
Non! Nou pa ka stop! [SoundProf]
N'ap push li to the top…
Red People let's go!

----

[ANIMATION: FANTOM/HYPE]

Do you get enough? No
Do you get enough? No
Do you get enough? No
Do you get enough? No

Eske'n kanpe tòf? Wi
Eske'n kanpe tòf? Wi
Eske'n kanpe tòf? Wi
Eske'n kanpe tòf? Wi [Britality]

----

[BRITALITY]

Chak ane nou kale yo
Sou beton'n sakaje yo
Ravaje'n ravaje yo
Pa kanpe sakade yo
Nou pa bezwen atake yo
Si yo vini n'ap tape yo
Sa'k fache nou lave
Tankou tònad n'ap brase yo

----

[FANTOM 2]

Nou se tenò a, gwoup rekò sou rekò a
Mizik nou se lò, jèn yo aplodi efò a
Nou fè'l Ès, Wès, nan Sid epi nan Nò a
Tibòzò rale kò'w, ou pa gen modèl calor sa!...

----

[BRITALITY+TONYMIX]

Chak ane nou kale yo [Woy!]
Sou beton'n sakaje yo [Woy!
Ravaje'n ravaje yo [Hahaaa!]
Pa kanpe sakade yo
Nou pa bezwen atake yo [Haha!]
Si yo vini n'ap tape yo [Fanatik Barikad]
Sa'k fache nou lave [Eeeeeeee!]
Tankou tònad n'ap brase yo…

----

[KORAL+TONYMIX]

Ooooooooooo [Vidip Biw!]
Ooooooooooo [Blip Biw!]
Ooooooooooo [Vidip Biw!]
Ooooooooooo [Blip Biw!]

Ooooooooooo [Vidip Biw!]

Ooooooooooo [Vidip Boom! Blooooooo!…
Se la'n tap tann yo a!…

----

Depi lontan nape travay
Wi nan studio nape bat nay
Koman fè pou'n pa ta kanpe tòf [Nou se Tenò!]
Plede mache di nou se djab
Si'w pa respekte Barikad
Tout maskarad sal nap di yo vouzan!

----

[KORAL 2]

Ooooooooooo Ooooooooooo
Ooooooooooo Ooooooooooo
[Nou se pwalou!]

[Ti Joël]
Ò…apa'w frete tèt ò'w !