Rap Salad • K-Libr

ADDED BY DIDIER (FEB 25, 2015 AT 11:03 PM) 22,993 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Mes Tourments
Year: 2012
Produced by: K.O.LABO Recordz
Lyrics by: Valckensy (K-Libr Mystik) DESSIN

[Intro]
Kolabo recordz ! yo bit saa dròl man, sou li mpwal rap dwòl,
Sonw klasik mwen menm sou li m’pwal fè rap taktik okenn pawabòl.
On bann arimè kap fè rimè pale anpil, poze kesyon sou mwen
J’suis un donneur de rime mais m’pa on jocker pour autant you know that,
Mwen menm se nan mizik m’bay repons.
Tout moun kap poze kesyon sou mwen ebyen men repons :

[Strophe 1]
K-Libr si ! K-Libr sa ! Nan bouch nou kou salami
Se sa l’ami nou tout reyaji koun santi kalmi
Mystik this, Mystik that se kounyaa li tounen pat
Pandan m pat janm kon wè nou dat map jwe kap achte kat
Mwen sezi poum wè se kounyaa m’te chaje fanatik
Kou nou sispèk Mystik gonw problèm kounyaa m pa gen pán atik
Men m’pap rete sou sa paske m’konnen nou tout sou zen
Menm jan ak jounalis promotè kiltirèl tout se bouzen
Banm di nou gonw sè fason pou yo jije yon album
Se kalitel non pa kantite l vann ki pou fèl platnum
Reziltam pa sou www.enbesil.com
Poutan m reyisi fè Mystik pèse san bat kom
Paske m fè rap salad medikaman sak malad
Rap mwen klasik kou balad m pa pèdi tan nan maskarad
M pa fè mask ak rad tankou kèk lot kamarad
Tankou Izi one te di sèlman sa mwen fè se sal rad

[Refren]
Mizik pam nan pa yon fast food men yon salad
Teks mwen yo ap toujou ret hood ak bèl parad
Saw ka di se sèlman kel good e enkonparab
Paske kounyaa menm moun ki soud yo konn sak rap

[Strophe 2]
Rimè di K-Libr kite rap se sa n ta swete rete !
Banm antre nan santimann sanl pa swente
Dat nap di m’se rapè zuzu tchulutchutchu
Nou konnen m’pap janm tchithci sou dom nou mèt chuchuchu !
Menm lè m pat gen gro kontak m’te toujou ret konpak
M’te toujou gonw track menm lè program mwen pat konn pak
Erezman m te konn ak kèk frè ki te konn back-
Up mwen lèm nan kont ak tèt mwen lè m wè m fonw back
Se pa kounya n’ka dekouraje m nan di m’pa rap pou lari a
Al analize teks mwen na wè kiyès ki gen pari a
M pa pale de rad tenis nan rap koz se pa mwen k fèl
An plis mwen trouve gen ase enbesil ki pou fèl
Sou kèk bit mwen nou ka danse men m plis panse pou fèn panse
M plis vle pouse n pou n ka vanse nan sam lanse m’pa ka ranse
Pa mandem sak fè devan se sèl nèg kap fè rap ensanse
Jamè mpa panse devanse rapè k bezwen pou depanse

[Strophe 3]
Rap mwen pwisan tankou yon frap Mario Ballotelli
Sistèm koronpi a ak lirik map kalote li
M’pa janm monte sou yon track pou map fè rap lago deli
Al tandem sou album K.O Duo hor categorie
M’pa pale mal de fanm dwa yo m’pito defann
Rap mwen ap toujou gen nanm e l’pap gate menm sil pa vann
Sim ta grangou nan dread mwen m’ta pito manje de très
Tan poum ta lonje kwim ban nou lè mwen nan detrès
Mpito lonje on kòd ban nou poum ka soti nou nan twou a
Olye poum ta desann peri avèk nou nan labou a
Nan yon sans san m’pa enpoze nou yon stil de vi
M’pot limyè zafèn sin vle rete « Wonder Steevee »
Fòk rap Ayisyen rapatriye sak bezwen rap ap triye
Rapè fa’n e latriye pa panse rap ap briye
Koz kif è rap ap trime sè ke bon rap pa prime
Sak di yap fè rap pap rime sekèk grenn mo yap ritme

[Outro]
A la fen an giz de refren m’met fren
Yap plede poze keksyon eske Mystik kraze
Tout ap reyaji, men lè map fè bagay serye
Mpa janm tande yap pale.
So m’pa pale ak vrè fanatik yo non, sak gen album orijinal yo
Men tout lòt yo m’ban nou repons.
Mwen son lòt rap m’fè.