Formidable • Izolan

ADDED BY DIDIER (FEB 20, 2015 AT 12:05 PM) 34,951 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Produced by: Mmixx
Lyrics by: Izolan

Formidable
Nous étions formidable

Formidable formidable
Cherie ou adorab doudou ou enkonparab
Ou se on fanm valab
Tout saw fè aksetab
Ou formidable
Formidable formidable
Cherie ou adorab doudou ou enkonparab
Ou se on fanm valab
Tout saw fè aksetab
Ou formidable

Cheri w formidable
Lè m’ ansanm avè w’ tonnè boule m’ mwen konfòtab
Ou enkonparab
Se sou tout jounal y’afiche’w kòm yon fanm valab
Feeling lè bouch mwen depoze sou bouch ou
Fason m pase men sou ou, ou pran rale way chouchou
Fè ti koka bò kou’w bwè ti laskao nan bouch ou
Pase plim poul nan lonbrit ou fonw ti satiyet bò kòt ou
Pandan nap bwè barbancourt, nap bwè de kou
Chachon’w feeling menm m’ pap sou
Fanm sa formidable tout sa l’ fè enkwayab
Avèk li lavi m’ stab, jou m kite’l map koupab
Ou son’w fanm kreyol yon mango k pa tout djòl
San fè parabòl nan vim ou jwe tout wòl
Fanm sa dwòl fanm sa fòl chak segond li banm call
Anpil neg bezwen ba’l check paske l’ gen stil lakòl
Ou sonw biblo, ou sonw bèl tablo
Mwen kontan cheri ou se madan Izo

Formidable formidable
Cherie ou adorab doudou ou enkonparab
Ou se on fanm valab
Tout sa’w fè aksetab
Ou formidable
Formidable formidable
Cherie ou adorab doudou ou enkonparab
Ou se on fanm valab
Tout sa’w fè aksetab
Ou formidable

Cheie kounia w’ pa nan selfie paske se mwen k pral fè foto’w
E se ou m genyen kòm sèl fi tout jounen map ret bò kote’w
Mwen ta renmen tounen bebe poum te ka pa sispann tete’w
Ou sonw vit machin tròp neg gade’w mpral oblije tente’w
Fason m baw love la, nan sans sa ou pa pòv la
Gad jan m bò’w dòz la, mwen fèw high san buzz la
Cheri sè mwen k ka fè ekspozisyon lanmou sou kè’w
E fèm konfyans map ekspoze tout sa ka fè bonè’w
Janm karese’w janm dolote’w chalè sou kòw leve
Ou dedouble ou pran tranble, menm branch cheve’w vibre
Dezakòde ou detone tankou fil ki mele
Ou pa rasta mwen fèw get high pi mal ke Bob Marley
M santi n’ an amoni, pou mwen w’ sonw senfoni
Ou sonw bèl melodi, remèd tout maladi
Pou ou tèt mwen pati, nan ou pa gen defisi
Chak fwa w gade’m ou souri, mwen santi’m nan paradi

Formidable formidable
Cherie ou adorab doudou ou enkonparab
Ou se yon fanm valab
Tout sa’w fè aksetab
Ou formidable
Formidable formidable
Cherie ou adorab doudou ou enkonparab
Ou se yon fanm valab
Tout sa’w fè aksetab
Ou formidable

Formidable