Kite Ti Pati M' Kanpe [kanaval 2015] • Vwadèzil

ADDED BY DIDIER (JAN 26, 2015 AT 5:29 PM) 31,114 VIEWS EDIT

Kite Ti Pati M' Kanpe [kanaval 2015] • Vwadèzil

Genre: Kanaval
Year: 2015

M’pap fòse moun renmenm
Pa renmen paka fè’m ebranle
M’pap fèse moun damou’m mwen menm
Pa damou paka fè’m depale

Tout jenn nan peyi’a reve fè yon ti pati
Pito’m mete yon pati kanpe
Lè yo paka pati y’al fè pati yon ti pati
Pito’m mete yon pati kanpe
Gen sak pa nan pati men poblèm fè tèt yo pati
Pito’m mete yon pati kanpe
Se prèv an ayiti anyen pa fèt san pati
Pito’m mete yon pati kanpe

M’pap fòse moun renmenm
Pa renmen paka fè’m ebranle
M’pap fòse moun damou’m mwen menm
Pa damou paka fè’m depale

Tande
Depi aprè kolon - Gen ti klan pile talon
Nou paka jere’on siklòn - Nou gen foli babilòn
Bat bouda pajanm - bay son tanbou
Tout kaka pèmanant bezwen fè peyi marabou

Y’ap chante
Ti pati’m kanpe
Kite ti pati’m kanpe (2fwa)

Mwen mete ti pati’m kanpe
Kite ti pati’m kanpe
Pou lòm pran pouvwa fò pati’l kanpe
Kite ti pati’m kanpe
Sak pa sou lekòl sou pati’l kanpe
Kite ti pati’m kanpe
Sak paka fè tout fè’w pati’l kanpe
Kite ti pati’m kanpe
Ti gason gason lè pati’l kanpe
Kite ti pati’m kanpe
Chen ki chen ou di’l pati’l kanpe
Kite ti pati’m kanpe

Oh ohoh ohoh - Anvi manyen
Oh ohoh ohoh - Pa manyen ti pati’m
Oh ohoh ohoh - Anvi kraze
Oh ohoh ohoh - Pa kraze ti pati’m
Oh ohoh ohoh - Ou mèt anvi boule
Oh ohoh ohoh - Pa boule ti pati’m
Non!

Ti pati’m kanpe
Konsa
Kite li kanpe
Konsa(2fwa)

Konsa(13 fwa)

Woyy sosyete anmweyy sosyete
Mwen se moun fomè kite ti pati’m kanpe
Woyy sosyete anmweyy sosyete
Ata leta mwen infòme ti pati’m kanpe

Manman papa
Eske nou te banmwen yon edikasyon alanvè
Oh manman papa
Di’m si se vye van divizon an kap fè lerevè

N’aprann mwen benyen mete poud
Lè’m te ka bon nan simen poud
Bagay bèl pou belijeran
Nou chwazi fè’m intelijan
Lè pigwo diplòm se kolòn
Nou montre’m koud a layilòn
Nou di’m pa manyen afè moun
Tankou moun ki pa wè ki moun sosyete a fè moun
N’aprann mwen respekte lalwa
Men yo toujou fe dappiyanp sou sak revnim dedwa

Nan lage rival - Yo pranm
Nan festival - Yo pa pranm
Lè gen tanpèt - Dlo pranm
Nan fèt chanpèt - Yo pa pranm

Woyy sosyete anmweyy sosyete
Mwen se moun fomè kite ti pati’m kanpe
Woyy sosyete anmweyy sosyete
Ata leta mwen infòme ti pati’m kanpe

Oh ohoh ohoh - Anvi manyen
Oh ohoh ohoh - Pa manyen ti pati’m
Oh ohoh ohoh - Ou mèt anvi boule

Ti pati’m kanpe
Konsa
Kite li kanpe
Konsa(2fwa)
Konsa(13 fwa)
Ti pati’m kanpe
Kite ti pati’m kanpe (2fwa)

Mwen mete ti pati’m kanpe
Kite ti pati’m kanpe
Pou lòm pran pouvwa yon pati’l kanpe
Kite ti pati’m kanpe
Sak pa sou lekòl sou pati’l kanpe
Kite ti pati’m kanpe
Sak paka fè tout fe’w yon pati’l kanpe
Kite ti pati’m kanpe
Ti gason gason le pati’l kanpe
Kite ti pati’m kanpe
Chen ki chen ou di’l pati’l kanpe
Kite ti pati’m kanpe

Ti pati’m kanpe
Konsa
Kite li kanpe
Konsa(2fwa)

Ranje chita’w
Ti pati’m kanpe
Wa ranje chita’w
Ti pati’m kanpe(2 fwa)

Lè’n pi move a Yo bezwen kenbe nou
Se lè’ pi move a Yo bezwen bare nou
De dwèt anle Siye nape siye
Wi de dwèt anle
Siye nap siye onze anwo yo
Onze premye lo

Ti pati’m kanpe
Kanaval san tèm
Ti pati’m kanpe pi rèd
Haiti je t’’aime

Tout moun bezwen premye
Tout moun bezwen renye
Nap goumen antre nou
Genlè nou pa wè
Onze premye lo

Ranje chita’w
Ti pati’m kanpe
Ranmase chita’w
Ti pati’m kanpe

Ti pati’m kanpe
Gad on bye kinanm
Ti pati’m kanpe pi rèd
Bega banm mega’m