2 Chay [Kanaval 2015] • Chalè

ADDED BY JESS24 (JAN 25, 2015 AT 12:35 AM) 23,554 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2015

Roodyman, papa chacha
Manno Beats, touch majik la
Ti Mario, boss!
Chalè

Yo tap tann nou – men chalè a, men chalè a, men chalè a
Fanatic yo tap tann nou – men chalè a, men chalè a, men chalè a
Yo tap tann nou – men chalè a, men chalè a, men chalè a
Pèp ayisyen tap tann nou – men chalè a, men chalè a, men chalè a

Ayiti peyi tropikal paka pa gen chalè
Menm jan pou pakou kanaval la paka pagen Chalè
2014 nou te fè bagay – nou voye deyò
Pou 2015 lan tout moun tap tann – nou refèl ankò

Yo tap tann nou – men chalè a, men chalè a, men chalè a
Djaspora yo tap tann nou – men chalè a, men chalè a, men chalè a
Yo tap tann nou – men chalè a, men chalè a, men chalè a
Timoun yo tap tann nou – men chalè a, men chalè a, men chalè a

Ou wè nan lavi pouw fè siksè fòk ou travay
E sou dow menm lè yap pale mal fòw pa pè chay
Si Nelson Mandela te pè chay nan listwa l tap fè zero
Si Capois La-mort te pè chay jodia a l’ pa tap ero
Se menm jan ou menm jodia k gen chay wap pote
Pa dekouraje pran’l ak fòs viktwa pou ou lap ye
Tankou atis yo k pa janm dòmi tèlman yap panse
Ak presyon fanatik epi pwoblèm fanmi pou jere

Lè chay soti sou tèt kote’l tonbe – sou zepòl
N aprann sa tou piti depi lè n - te lekòl
Lontan m te gonw chay kounia m gen 2 chay
Pitit fi’m poum jere Chalè poum jere

Yon chay pa chay, de chay pa chay, twa chay pa chay
Mete chay mete chay
[2x]

Prezidan gen 2 chay sou do’l, li gen 2 chay sou do’l
Li gen fanmi pou’l jere, li gon’w peyi pou’l jere
Si’w gen 2 chay sou do’w – leve de menw anlè
2 chay sou do’w – mete de dwèt anlè
2 chay sou do’w – vire mayo’w anlè
2 chay sou do’w

Mario Viaux gen 2 chay sou do’l, li gen 2 chay sou do’l
Li gen fanmi pou’l jere, yon popilasyon pou’l jere
Si’w gen 2 chay sou do’w – leve de menw anlè
2 chay sou do’w – mete de dwèt anlè
2 chay sou do’w – vire mayo’w anlè
2 chay sou do’w

Ann ann ann ale

Nou pati pou en, nou pati pou de
N kale yo, n kale yo
[2x]
Kale blofè, kale vagabon, ensekirite
Kale kale

Nou pral revandike – moun nan nò
Nou pral revandike – moun nan sud
Nou pral revandike – moun nan l’est
Nou pral revandike – moun nan l’ouest
Nou pral revandike – djaspora
Nou pral revandike – Haiti

Ann ann ann ale

Nou pati pou en, nou pati pou de
N kale yo, n kale yo
[2x]
Kale blofè, kale vagabon, ensekirite
Kale kale

Ohhh ohhh ohhh

Chalè
Sa Manno Beats gen la

Polisye gen 2 chay sou do’l, li gen 2 chay sou do’l
Li gen fanmi pou’l jere, sekirite pou’l jere
Si’w gen 2 chay sou do’w – leve de menw anlè
2 chay sou do’w – mete de dwèt anlè
2 chay sou do’w – vire mayo’w anlè
2 chay sou do’w

Profesè gen 2 chay sou do’l, li gen 2 chay sou do’l
Li gen fanmi pou’l jere, edikasyon pou’l jere
Si’w gen 2 chay sou do’w – leve de menw anlè
2 chay sou do’w – mete de dwèt anlè
2 chay sou do’w – vire mayo’w anlè
2 chay sou do’w

Ann ann ann ale

Nou pati pou en, nou pati pou de
N kale yo, n kale yo
[2x]
Kale blofè, kale vagabon, ensekirite
Kale kale

Nou pral revandike – moun nan nò
Nou pral revandike – moun nan sud
Nou pral revandike – moun nan l’est
Nou pral revandike – moun nan l’ouest
Nou pral revandike – djaspora
Nou pral revandike – Haiti

Ann ann ann ale

Nou pati pou en, nou pati pou de
N kale yo, n kale yo
[2x]
Kale blofè, kale vagabon, ensekirite
Kale kale

Mario Viaux men djazz – woy

Fanatic Chalè yo nou konn sa’l ye deja

Konnen konnen konnen
Tout moun deja konnen konnen konnen
Ru dè kazèn Konnen konnen
Bò lapolis Konnen konnen konnen konnen

Tikouzenw gen 2 chay sou do’l
Ti Blòdè gen 2 chay sou do’l
Peyizan gen 2 chay sou do’l
Manman pitit gen 2 chay sou do’l

Konnen konnen konnen
Tout moun deja konnen konnen konnen
Ru dè kazèn Konnen konnen
Bò lapolis Konnen konnen konnen konnen

Tikouzenw gen 2 chay sou do’l
Ti Blòdè gen 2 chay sou do’l
Peyizan gen 2 chay sou do’l
Manman pitit gen 2 chay sou do’l

Woy (Repeat)