Tèt Chaje [kanaval 2015] • K-Zino

ADDED BY JESS24 (JAN 22, 2015 AT 9:52 PM) 21,208 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2015

Yo tout bagay nan vi sa sonw tèt chaje wi man
Pwoblèm sou pwoblèm wap jere
Ou fin jere youn kounia gentan gonw lòt kap vini wi
Tande sa

Ou met lanjanw nan bank ou paka retire’l – gad onw tèt chaje
Lwaye rive ou pa ka peye’l – gad onw tèt chaje
Ou gen madanm ou gon’w blòdè kap jere’l – sa sonw tèt chaje
Gade mennaj madanm mwen – sa sonw tèt chaje

Tèt chaje – bill pouw peye
Tèt chaje – timoun pouw okupe
Tèt chaje – kay pouw bay maje
Tèt chaje – moun pran nan
Tèt chaje – ebien nan ka sa K-zino sal ye?
Les têtes se chargent les ceintures se dechargent

Anmwey – oh oh
K-zino – oh oh
Men nap vini nou tou limen one more time – oh oh
2015 cherie

Ou met lanjanw nan bank ou paka retire’l – gad onw tèt chaje
Lwaye rive ou pa ka peye’l – gad onw tèt chaje
Ou gen madanm ou gon’w blòdè kap jere’l – sa sonw tèt chaje
Gade mennaj madanm mwen – sa sonw tèt chaje

Tèt chaje – Wal sou Instagram ou kwaze on bebe
Tèt chaje – lè w’al rankontre’l
Tèt chaje – ou pran nan
Tèt chaje – hahaha
Nan ka sa, les têtes se chargent les ceintures se dechargent

Men nap vini - oh oh
Djaz la relèv la – oh oh
Haitien pandan wap travay pou tèt ou, wap travay pou mwen tou
Paske nou tout se Haiti

Solèy rive wap respire mèsi bondye on lòt jounen ki kòmanse vie frè
Wi sa se vre
Yon nouvo ak pwoblèm li nouvo defi lavi ba ou sa li pa avèti
Woy tèt chaje

Woy woy – fòw pa dekouraje frè mwen, kontinye lite frè mwen
Woy woy – depi gen lavi frè mwen gen mwayen pouw al pi lwen

Sitwon lavi ka gen gou si travay pi di pouw reyisi yon jou lap pote fwi
Wi sa se vre
Si gen pwoblèm gen solisyon so fè aksyon poze bon plan yon jou wa va rejwi
Woy tèt chaje

Woy woy – fòw pa dekouraje frè mwen, kontinye lite frè mwen
Depi gen lavi gen mwayen

Hey papa leve piew – se pa chita ranse
Hey papa leve piew - fonw jan pouw brase
Hey papa leve piew – se pa chita gade
Hey papa leve piew – travay pouw rive

Heyyyyy ha

Richard Store sa nap di yo

Hey papa leve piew – se pa chita ranse
Hey papa leve piew - fonw jan pouw brase
Hey papa leve piew – se pa chita gade
Hey papa leve piew – travay pouw rive

Heyyyyy ha

Epi pa janm lage pie rèv ou

Hey hey hey kot pwoblèm soti – sak konnen sak konnen
Mwen di kot pwoblèm soti – sak konnen sak konnen
Ou vire a dwat – pwoblèm
Ou vire a goch – pwoblèm
Ou te mèt gen lajan – pwoblèm
Ou pa gen lajan – pwoblèm
Pwoblèm vin tout kote
Yo vin alè yo vin atè yo vin devan yo vin dèyè
Siw pap bay legen – leve demenw alè pouw di
Jamè (2x) – nou pap kanpe
Jamè (2x) – nou pap bay vag
Fanatic K-zino

Nan 2015 – hey
Toto beats cheri yo tap chèche pwoblèm men pwoblèm
Ou anraje
Ou debòde

Siw santiw pa kapab
Pa kanpe (2x)
Siw pap bay legen – leve demenw alè pouw di
Jamè (2x) – nou pap kanpe
Jamè (2x) – nou pap bay vag
Plezikanaval

Ou anraje
Ou debòde

K-zino debake men djaz la ap monte
Fanatic fèm wèn leve bagay anlè
[2x]

Vire yo vire vire yo
Vire (4x)

Woy woy woy

Lè djaz sa rive leve bagay anlè
Vire yo vire vire yo
Vire (4x)

Woy woy woy

Wi ane sa menm si m tonbe map leve
Wi an 2015 sa menm si m tonbe frèm map leve
Lèm kwazon’w pwoblèm – wey
Leve’l anlè – wey
Voye’l ale – wey
[2x]

Epi tout peyi a sonw sèl bagay
K-zino retounen wi – tèt chaje

Men gita peyi

Lè gita sa jwe – anyen pa deranje’m
Lè K-zino lage – anyen pa deranje’m
Djaz la relèv la rive – anyen pa deranje’m

Men gita peyi