Fè Je'w Klè [Kanaval 2015] • Papi

ADDED BY GEN11 (JAN 16, 2015 AT 9:09 PM) 25,999 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2015
Lyrics by: Papi

Se vre se avanyè la m parèt men gad kijan m gentan anvayi yon makèt
Se sak fè nou pap negosye
Menm sa nou te jwenn sou wout la kounia n double yo epi nal kite yo nèt
Non non nou pap negosye
Menm sa ki tap kritike aksepte yo pa ka pran Papi pou jwèt
Se sak fè nou pap negosye
Men sa ki te trayi met ajenou a dlo nan je si tèlman yo regrèt
Non non nou pap negosye

Gad on’w grosè plezi pap pa desann nan kanaval
Nenpòt kimoun ou ye ou kapab vin danse ladann
Jere tèt ou pigaw bay kou
Gonw bann medam dèyè bann nan ki ka bat ou
Siw vini pouw defoule’w jus relax ou
Chachonw nana poste devan’w kenbe ou
Kage gròg ou, men pigaw trò sou
Talè sou bon zanmi wap tounen lakay ou

Ah ou – ah ou
Tanperaman’m chanje, fanatic rasanble
Nou prale deplwaye

Tout sam fè – hit hit hit hit hit
Tout sam di – hit hit hit hit hit
Depi mwen chante – hit hit hit hit hit
Genlè menm sa m panse – hit hit hit hit hit

Fè jew klè – fè jew klè
Pouw ka wè nan HMI la kisa map fè
Fè jew klè – fè jew klè
Pouw ka wè se tout kote m reye la pè

Tout sam fè – hit hit hit hit hit
Tout sam di – hit hit hit hit hit
Depi mwen chante – hit hit hit hit hit
Genlè menm sa m panse – hit hit hit hit hit

Fè jew klè – fè jew klè
Pouw ka wè nan HMI la kisa map fè
Fè jew klè – fè jew klè
Pouw ka wè se tout kote m reye la pè

Papi rive – li rive
Papi rive – wi l rive
Papi rive mezanmi fòn pa pè bouje
Papi rive – li rive
Papi rive – wi l rive
Papi rive fanatic an nou balanse
Weyy

Oh oh oh

Se la m tap pare tann yo
Genlè yo te panse Papi se pou piyay
Se la m tap pare tann yo
Genlè yo te panse jenès la se te pou piyay
Se la m tap pare tann yo
Genlè yo te panse pèp la se te pou piyay
Se la m tap pare tann yo
Genlè yo ye woyyy

Se poun ba yo – bwa
Ba yo ba yo – bwa
An nou ba yo – bwa
Pa neglije ba yo – bwa
Kontinye ba yo – bwa
Ba yo
Nap ba yo bwa (3x)

Ale nou prale al kite yo
Siw Papi pa menm gade yo
Jiskon’w tandonw machin poste sou yo
Mwen menm map kontinye dezaprove yo

Fè jew klè – fè jew klè
Pouw ka wè nan HMI la kisa map fè
Fè jew klè – fè jew klè
Pouw ka wè se tout kote m reye la pè

Tout sam fè – hit hit hit hit hit
Tout sam di – hit hit hit hit hit
Depi mwen chante – hit hit hit hit hit
Genlè menm sa m panse – hit hit hit hit hit

Fè jew klè – fè jew klè
Pouw ka wè nan HMI la kisa map fè
Fè jew klè – fè jew klè
Pouw ka wè se tout kote m reye la pè

Se bim bim
Papi sa sonw laval a presion
Bon mpral fonw lòt bagay, gad pouw wè

Antre nan bann nan chofe
Antre nan bann nan danse
Antre nan bann nan woule
Antre nan bann nan