Regle Zafè W • Tifane

ADDED BY MASAKADIE (JAN 12, 2015 AT 10:55 PM) 11,418 VIEWS EDIT

Genre: Reggae
Year: 2011

Pesòn pa konen jis kibo w vle rive
Se ou k pou konen si w pare pou sakrifie
Pito w reve bèf pase ou reve kabrit
Pa kite moun di w o o kanpe la pitit
Pesòn pa konen jis kibo w prale
Menm si soulye w chire fò w kontinue mache
Pesòn pap regle zafè w pi bien pase w

Fokis, menm si w pako gen plan
Men ou konen koman istwa pa w ou vle fini l
Ranje priorite w pa bliye kale je w
Siksè pa mande rout fasil
Pa chèche chimen dwòl, rete chita lekòl
Kole tèt ou sou de zepòl ou
Mwen nan plas ou, mwen konprann ou

Pesòn pa konen jis kibo w vle rive
Se ou k pou konen si w pare pou sakrifie
Paske pito w reve bèf pase ou reve kabrit
Pa kite moun di w o o kanpe la pitit
Pesòn pa konen jis kibo w prale
Menm si soulye w chire fo w kontinue mache
Pa kite moun di w se koulè po w ki pou sove w
Koman manman w rele kiès papa w te ye
Pesòn pap regle zafè w pi bien pase w

Kenbe, menm si w pako wè klè
Ou pa bezwen pè sa ka rive nenpot ki moun
Ou gen responsabilite fò bagay yo mache
Se volonte w ki pou kanpe w
W ap tonbe de twa faw
Nan lavi se konsa
Fò w releve w pou mete w opa
Se la m ye tou, donk mwen konprann ou

Pesòn pa konen jis kibo w vle rive
Se ou k pou konen si w pare pou sakrifie
Paske pito w reve bèf pase ou reve kabrit
Pa kite moun di w o o kanpe la pitit
Pesòn pa konen jis kibo w prale
Menm si soulye w chire fo w kontinue mache
Pa kite moun di w se koulè po w ki pou sove w
Koman manman w rele kiès papa w te ye
Pesòn pap regle zafè w pi bien pase w

Pa gen pi bèl feeling pase sa w santi
Lè ou reyisi sa w te reve akonpli
Pa bliye gade dèyè pou wè ki kote w soti
Mwen felisite w si w deja rive