Réconfort • Pierre Jean

ADDED BY GEN11 (DEC 27, 2014 AT 5:31 PM) 30,049 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2013

[Intro]
Yea
Everything is gonna be alright
Map rive kanmèm (Pierre Jean)

[Hook]
Apre soufrans se delivrans
Pa dekouraje pran pasyans
Tout sa gen poul chanje
Konsa l pap rete

[I]
Chak jou m leve m santi m vle touye tèt mwen
M tèlman dwe moun m pa ka konte sou dwèt mwen
Bondye kilè map ka fin n peye dèt mwen
Chak jou moun mwen dwe yo fin n fè bri nan ri a pou tèt mwen
Si w gad nan pòch mwen wa wè jan bagay yo makawon
Fwaye dife lakay blanch nou pa ka fri yon mak aran
M tèlman dwe moun, tout lasent jounen m oblije ap mawon
Pwoblèm mwen pi rèd pase lè Izrayèl te anba Farawon
Ou konn lè nèg pap travay kisa sa vle di
Mwen gen repitasyon pou pyè dèt yo pa vann mwen kredi
Mwen toujou nan chalè menm lè li fè fredi
Kèm pa janm kontan paske se anba mizè map redi
Pwiske chita pa bay chak jou m fè yon ti mache
Soti nan lari a, ap wè kot lavi fè kwen map chèche
Moun ki ka edem yo wèm ap vini, yo kouri kache
Paske yo konn si yo pretem, avèm yo deja fache
Lè bagay sa yo rive konsa, m santi kèm ap rache
Pou dlo ki prèske kouri nan jem, men m kenbe m pa lache
Paske m gen detèminasyon ak pasyans tankou zache
M pap kite vye entansyon dirije m pou vi m pa gache
Mwen konn kouche, tèlman m kalkile nan dòmi m pantan
Tout moun kouche, men map rive kanmèm men m lè l pran tan
Oh Bon Dieu est-ce que tu m’entends? M pa gen konfyans nan Satan
Menm konnen jou va jou viens map rive Se delivrans mwen map tann

[Hook]

[II]
Nou tout kila konn lè w pa gen lajan jan bouch ou gou
Te mèt sot manje, yon ti van pase ou gentan grangou
Ou gentan fennen tankou poul ki malad kap kagou
Fòw ta pase yon bagay nan bouch ou pou w reprann kab ou
Yèswa m gen yon grangou ki tap koupe trip mwen tankou yon lazè
Mwen pa gen kòb, mal achte kredi ka madan lizè
Li pa vann mwen m te achte yon fritay, m pat janm peye manzè
M te pran wont sa devan yon pil moun yèswa blòk onzè
Lè m voye jem ka pè Alexandre lan mwen wè Nazè
Kè m gentan kontan, men lèm checke misye plis razè
Imajine w depim maten mwen pran yon kafe sizè
Lèm resi moute kabann nan, pou m dòmi s’on mizè
Chak jou m priye m mande Bondye retire m nan vi sa
Pou m sispann mouri grangou, pou m aprann manje pizza
Pou m gen frechè, pou m gen bèl machinn, pou mwen gen viza
Men pouki li pa janm reponn, mwen twouve sa biza
Nou tout se pitit bondye, men n pa fèt sou menm etwal
Nou tout met rad, men ou mèt kwèm yo pa fèt a menm twal
Wap dòmi nan yon chato, li menm se alabèletwal
Wap byen mennen pandan la mizè fè li tounen chwal
Mwen toujou sou mawon, m toujou sou dòmi nan raje
Chak pòt mwen frape, yo pa janm ouvri mwen angaje
M ap kontinye pèsevere, mwen pap dekouraje
Mwen konnen jou pa m nan ap rive wi ca va s’arranger
Sa ka rive nan katye lakay ou, ou pi meprize
Ou pa janm wè ou pa sou anyen wap neutraliser
Pami tout moun yo se ou yo toujou minimize
Men pa bliye pou w pot bon nouvèl nan wout fò w mize
Fòk ou toujou genyen yon rèv, yon objectif visé
Yon jou se èd ou tout moun ap bezwen utilisé
Piga w vanje de sa yo te fè w, ret civilisé
Pa kite orgueil mennen w, pa janm ridiculisé

[Hook]

[III]
Tande
Pa janm egri de sa yon moun genyen (non)
Ou pa dwe fache ni piga w plenyen (jamè)
Ou pa konn kijan ni pa ki mwayen
Alewè se zafè moun lap manyen
Pa enkyete m paske jou pam nan ap rive kanmèm
Pwoblèm yo konn prèske devye m men mwen toujou pran men m
Pa sispann pèsevere, pou ou bondye gen yon plan man
Kelkeswa kote w ye, lap gade w ou nan de pla men l
Nan moman difisil yo w ap jwenn anpil bèl offre
Se yon fason pou tante w, si w aksepte ou deja off
Yap kreye tout mwayen posib pou ou ke de Tòf
Lè konsa ou menm met granmoun sou ou, kanpe Tòf

Kòmansman pa peye
Fò w pa pè eseye
Sonje gen on Bondye k te kreye w
Gade si w tap dòmi Reveye w

[Hook]