Fè Mwen Gras Segnè • Hoshama

ADDED BY GEN11 (DEC 27, 2014 AT 5:25 PM) 30,278 VIEWS EDIT

Genre: Gospel

Malgre fwa nou nan Bondye
Lenmi an vle fè nou doute
Li simen move grenn
Nan mitan n pou n pa grandi
An n rele nan pye Bondye
Yon jou nou va pote fri

Genyen asirans pou tout moun ki nan Bondye
Livrè lavi sa paka fè nou pè anyen
Bagay sa yo se pou 2 jou yo egziste
Mèt jaden an gen pou l vinn sekle l

Genyen asirans pou tout moun ki nan Bondye
Li vrè lavi sa paka fè nou pè anyen
Bagay sa yo se pou 2 jou yo egziste
Mèt jaden an gen pou l vinn sekle l

Tout semans sa yo ki pa pwofite grandi
Yon jou Bondye ap vini pou l separe yo
Tout sa ki anpeche semans lan pwogrese
Li va mete dife sou yo

Fè mwen gras segnè
Pou m pa yon livrè
Ede m pou m toujou rete kote ou
Awoze m segnè ak Sentespri ou
Nan bon move tan
Fè m bay bon fwi

Fè mwen gras segnè
Pou m pa yon livrè
Ede m pou m toujou rete kote ou
Awoze m segnè ak Sentespri ou
Nan bon move tan
Fè m bay bon fwi

M p’ap janm bliye parabòl talan yo
Ke sèvitè a li te pataje an twa
Premye a te jwenn 5
E li te fè li tounen 10
Dezyèm lan te jwenn 2
E li te fè yo tounen 4
Twazyèm lan se yon lenmi
E pa l la te rete menm jan

Lè sèvitè a te vinn kase tèt tounen
Premye a te jwenn yon bon rekonpans nan men l
Dezyèm lan te vinn pa rate l te satisfè
E twazyèm lan te soti wont

Fè mwen gras segnè
Pou m pa yon livrè
Ede m pou m toujou rete kote ou
Awoze m segnè ak Sentespri ou
Bon move tan
Fè m bay bon fwi

Fè mwen gras segnè
Pou m pa yon livrè
Ede m pou m toujou rete kote ou
Awoze m segnè ak Sentespri ou
Bon move tan
Fè m bay bon fwi

Genyen asirans pou tout moun ki nan Bondye
Li vrè lavi sa paka fè nou pè anyen
Bagay sa yo se pou 2 jou yo egziste
Mèt jaden an gen pou l vinn sekle l

Tout semans sa yo ki pa pwofite grandi
Yon jou Bondye ap vini pou l separe yo
Tout sa ki anpeche semans lan pwogrese
Li va mete dife sou yo

Fè mwen gras segnè
Pou m pa yon livrè
Ede m pou m toujou rete kote ou
Awoze m segnè ak Sentespri ou
Bon move tan
Fè m bay bon fwi

Fè mwen gras segnè
Pou m pa yon livrè
Ede m pou m toujou rete kote ou
Awoze m segnè ak Sentespri ou
Bon move tan
Fè m bay bon fwi

Awoze m segnè ak Sentespri ou
Nan bon move tan
Awoze m segnè ak Sentespri ou
Bon move tan
Fè m bay bon fri…
Awoze m gide lavi mwen