Rèd • Peezy X Rey Lex

ADDED BY TIZER (DEC 26, 2014 AT 2:47 PM) 18,940 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Featuring: Rey Lex
Produced by: Rey Lex

[Peezy]
Talan, rèd
Moonboy ki vin pran pa'l
Choute hit sou yo tankou yo t'ap pran bal
Sa pa on diss sa c on mesaj
Y'ap mete gwo tenis pandan s'on bann pye sal
M'pa rapè m'se on beatmaker
Men m'pale sa'k nan tèt mwen m'pa kenbe sekrè
Jiskaprezan moun ap pale'm mal
Men ak tout sa m'ap regle ou panse sa ka fè'm mal
M's'on piti ki chaje anbisyon
Ke'w renmen'm ke'w rayi'm sa paka kanpe misyon'm
Papa'm toujou di'm fò'm byen jwe pozisyon'm
Mwen ak on ekip danble, nou tout gen menm vizyon
Nou fè mizik c pa tuip nou vin tuip
Menm lè'w pa tande'n deyò a n'gen pwodui k'ap kuit
Neg yo bliye c nou'k mèt game sa a
Nouvo jenerasyon rap c nou ki mèt tèm sa a
Heavy headz c nou'k pot chalè
Reylex pi gwo beat maker, balalatèt sèl rapè
Lè'n pa la yo penpennen kont yo
Nou menm rive nan on pwen sou nou y'ap fè konplo
So pa juje'm si mwen mean biznis
Chak jou bondye mete m'ap eseye fè plis
M'pa nan hookah, pot kiben pou mwen
M'ap gad neg yo k'ap bat kò yo pandan mwen m'ap toujou

[Hook]
Rèd
Fè mizik, rèd
Al lekòl, rèd
Jere brass mwen, rèd
Viv lavi'm, rèd
Fè lajan, rèd
Monte moun, rèd
Pran plezi'm, rèd
Jwi lavi'm, rèd

[Rey Lex]
Si'w renmen rap kreyòl emcee fò'w travay pou li
2 3 moun sèlman m'wè k'ap fè li
Rap la tèlman gen sousou ke bon atis yo fin peri
Nenpòt vye mizik yo fè yo panse yo J Perry
Li lè li tan pou nou reyalize
Chwazi sa pou n'apresye
Mwen pa janm di m'pi fò
Men pifò di nan men'm li ye
M'respekte tout moun k'ap rap depi m'nan vant manman mwen
M'fè wout pa'm mwen fè non pa'm
Men kounya se moman mwen
Best yo rele'm best beatmaker ki deyò a
Yes m'konnen m'rèd mwen konn sa mwen vo deja
Mwen konn sa mwen vo deja
Tout track mwen produi konen yo fe dega
Plis m'pa janm kiss pye pèsonn pou jwe mizik mwen
Mwen travay di anpil jouk mizik mwen rive lwen
M'plede fè'l nan stil mwen
M' s'on neg ki real pousa yo feel mwen
Mwen vize pi wo
Si m'pa ret sou ou
Konnen w'anba mwen
Talan'm nan pla men mwen
M'pa bezwen pèsòn mwen gen 10 pwen mwen
Heavy Headz or die nigga
Ki mele'm ou gen baz pa'w nigga
Siw konn rap se nan bouda'w nigga
Nèg yo bezwen beef ret trankil se remèd kò nigga
Mwen pat janm panse
Mwen pat janm panse
Neg ap ba'w fo respè poutan yo egri'w
S'ak te konn fuck ave'w kounya yo enmi'w

[Hook]
Mwen m'ap toujou rèd
Fè mizik, rèd
Al lekòl, rèd
Jere bras mwen, rèd
Viv lavi'm, rèd
Fè lajan, rèd
Monte moun, rèd
Pran plezi'm, rèd
Jwi lavi'm, rèd