N'ap Monte La Sous • Le Konpa

ADDED BY GEN11 (DEC 22, 2014 AT 10:38 PM) 26,712 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2014
Produced by: Ralph Menelas

Ou oh ou oh (Repeat)

[Chorus]
Nap monte, nap monte la sous oh
La sous domaj oh pou m al plenyen mizè mwen
Nap monte, nap monte la sous oh
La sous domaj oh pou m al regle zafè mwen

[Verse 1]
Oh zanj oh
Mwen vinn mande’w pasaj oh
Pou sila yo ki dèyè w’a di yo pou mwen
Mwen se pitit kay la
Felisite Felisite, eske se pa ou sa
Pandan m nan tèt sous la
M santi’w mache nan sanm
Bèl fanm pran pitie, manman nou nan pie’w
Bale wouze jete dlo limen balèn
M met ajenou pou’n jwenn delivrans

[Chorus]

[Verse 2]
Selebrite vie frè se lè yo renmen ou
Men m la toujou map chante
Yo lage dlo demoli pou n ka nan kouri
La sous oh n prale benyen
Vanyan oh nan kay la, pa gen chay nou pa ka pote

Lapriyè tounen lafumen devan’w
Lasous se lakay

Anwo nan sous la nou prale – Anbilan mennen’m ale
Anwo nan sous la nou prale – mezanmi fòk mwen ale
Anwo nan sous la nou prale - machan desalin map vini map vini
Le Konpa
Anwo nan sous la nou prale – piwo piwo
Anwo

Aya man
Granmèt Maurice kale kòw,
Le konpa pourquoi pas
Gracia delva, selebre selebre selebre
Ou wè sa ou pa genyenn non,
Sa menm menm, ou pa genyenn menm menm
Abrakadabra

Sou latè saw fè se li w wè
Pa mode dwèt kap baw manje
Ann afè pa dòmi di regleman se regleman
Sou latè saw fè se li w wè
Saw plante se li w rekòlte
Ou sou do chwal la wap pale’l mal
Kondisyon se kondisyon

Abrakadabra woy saw fè se li w wè nan peyi sa
Regleman se regleman, kondisyon se kondisyon
(2x)

Le Konpa, pourquoi pas
Ki mele’m
Ou wè sa ou pa genyenn tande
Hey sexy, twerk twerk twerk twerk twerk baby