Ton Nwèl Timoun Yo • Richie

ADDED BY TIZER (DEC 22, 2014 AT 2:24 PM) 21,491 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Christmas With The Stars: Bèl Kado Nwèl
Year: 2008
Produced by: Jean Hérard Richard
Lyrics by: Jean Hérard Richard

[Verse]
Mwen sonje lè mwen t’ap grandi
Lè w di Nwèl an Ayiti, se te ti frè paradi
Nwèl se pi gwo tradisyon lan tout peyi tout nasyon
L’enspire lanmou, linyon

[Pre-chorus]
Kounye a sa chanje, peyi a degrenngole
Se dat la ki rete
M’ap chèche Tonton Nwèl pou m kesyone l
M’anvi mande l

[Chorus]
Ton Nwèl pouki ou di w pa vin nan peyi n
Eske se paske yo di w gen twòp kidnapping
Timoun yo pa gen bab, pouki rann yo responsab
Lè ou pa vini, se yo k pèdi

[Verse 2]
Lòt jou nan televizyon,
Wwen wè on timoun 10 an ki gentan lan pwostitisyon
Kè m ap rache
Eske se pa twòp krim nou fè ki fè Nwèl lakay anmè
Timoun yo ap viv nan lanfè

[Pre-chorus]
Bagay la danjere, peyi a degrenngole
Se dat la ki rete
M’ap chèche Tonton Nwèl pou m kesyone l
M’anvi mande l

[Chorus]
Ton Nwèl pouki ou di w pa vin nan peyi n
Eske se paske yo di w gen twòp kidnapping
Timoun yo pa gen bab, pouki rann yo responsab
Lè ou pa vini, se yo k pèdi
Tonton Nwèl y’ap soufri

[Guitar solo]
Shabadapap (2x)
Ayiti cheri, Joyeux Noël
Shabadapap (2x)
Peace and love

[Guitar solo and scatting]
Richie, the one only

[Chorus]
Frè mwen, sè mwen lave je n
F’on ti sekwe, se Nwèl la ki rive
Mwen pa di pou n reziye,
Yon ti chante ka fè nou soulaje

Sonje pa twò lontan jan kè nou te kontan
Malgre n pat gen lajan, men n’te jwenn amizman

[Rap]
A minwi mon pè pral f’on prèch
M’pa wè m’bezwen on tèt bòbèch
M’gen lontan m’pa wè on ti krèch
Tout tèt gridap vin san mèch
Oh Ayisyen cheri, Nwèl ka pou malere yo

[Chorus]
Frè mwen sè mwen, lave je n
F’on ti sekwe, se Nwèl la ki rive

Fòk nou ale, m’konnen wout la long
Frè mwen, sè mwen leve

[Chorus]
Mwen pa di pou n reziye,
Yon ti chante ka fè nou soulaje

Hush little baby
Hush, hush little baby

[Keyboard solo]
Woy hahaha
Ayiti cheri and my name’s still Zenglen
Always, always
Nickel, Joyeux Noël

[Outro]
Tonton Nwèl oh
Tanpri Nwèl oh (Tanpri frè m)
Pase wè nou, vini wè nou

M’konnen n’pa merite
Men m’pwomèt n’ap chanje
Nou pral sispann tiye, fè frè nou mechanste

Tonton Nwèl oh (Tonton Nwèl oh)
Tanpri Nwèl oh (Tonton Nwèl oh)
Pase wè nou, vini wè nou

Nou bezwen lapè
N’bezwen linyon, lanmou