Haiti Joyeux Noël • Stanley Georges

ADDED BY TIZER (DEC 11, 2014 AT 3:05 PM) 24,626 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2012
Featuring: Miu Haiti
Lyrics by: Stanley Georges

[Intro]
Hey
Joyeux Noël
Ahhh….

[Verse 1]
Louvri zorèy nou, chita pou nou koze
Nou gen yon ti kesyon nou prale poze
Ki mwa ki pi bèl n’on ane, moun ap tann rive
Gen plis aktivite
Li pot yon lòt lè, g’on ti van k’ap soufflé
Mwen wè yon souri nan figi malere
Te lè l te tan pou l te rive
Lespwa anbale, nou pral distribiye

[Hook]
Peyizan- Joyeux Noël hou-hou
Polis - Joyeux Noël hou-hou
Pwofesè - Joyeux Noël hou-hou
Komèsan – Joyeux Noël, Joyeux Noël
Joyeux Noël hou-hou
Ti machann - Joyeux Noël hou-hou
Elèv lekòl - Joyeux Noël hou-hou
Òfelin - Joyeux Noël, Joyeux Noël

[Verse 2]
Joyeux Noël s’on fason pou nou pote
Mòso lanmou pou sa ki dezespere
Ak yon souri k soti nan kè n n’ap chanje yon jounen
Pou chak moun ki sou chimen n
Se vre li difisil pou nou padone
Men nou dwe fè l si nou bezwen libere
Sa tèlman bèl lè nou renmen
Lè nou kenbe men pou n chante en refren

[Hook]
Peyizan - Joyeux Noël hou-hou
Atis - Joyeux Noël hou-hou
Pwofesè - Joyeux Noël hou-hou
Engenyè - Joyeux Noël, Joyeux Noël
Joyeux Noël hou-hou
Ti machann - Joyeux Noël hou-hou
Elèv lekòl - Joyeux Noël hou-hou
Agronòm - Joyeux Noël, Joyeux Noël

[Bridge]
Joyeux Noël hou-hou hou-hou hou-hou hou-hou
Se jou pitit Bondye vin sou latè
Li vini vin rive mouri nan plas nou
Sibi sa nou merite pou rekonsilye n ak Bondye
Jezi ba nou plas li, li ba nou lavi

Woh ou ou oh oh
[Rap – MC]
RK MC
Hello Ton Nwèl
Hello hello, Père Noël, MC qui t’appelle
M’rele w tankou on timoun ki grangou ki f’on rèl
Nan fon kè l k’ap tann kado ki pa atann li a poto
Di l ou pa egziste, pou li se t’ap yon kout kouto
Koz pou ou l’ap pete peta, limen pakèt pidetwal
Sapen Nwèl li fling-fling ap mouri limen kou fanal
Kounya la l’ap tann ou, 24 desanm rann ou
Menm si sa w genyen an piti vin di l Joyeux Noël

[Hook]
Peyizan - Joyeux Noël hou-hou
Polis - Joyeux Noël hou-hou
Pwofesè - Joyeux Noël hou-hou
Komèsan - Joyeux Noël, Joyeux Noël
Joyeux Noël hou-hou
Ti machann - Joyeux Noël hou-hou
Elèv lekòl - Joyeux Noël hou-hou
Agwonòm - Joyeux Noël, Joyeux Noël
Peyizan - Joyeux Noël hou-hou
Polis - Joyeux Noël hou-hou
Pwofesè - Joyeux Noël hou-hou
Komèsan - Joyeux Noël, Joyeux Noël
Joyeux Noël hou-hou