Pou Lari A • Balalatèt

ADDED BY TIZER (DEC 9, 2014 AT 7:59 PM) 21,302 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Produced by: Rey Lex
Lyrics by: Daniel "Balalatèt" Verna

[Intro]
Ha
Balalatèt
Ou konn sa l ye deja
Reylex ki sou beat la

[Hook]
Lari a mache avè m, yo di piti sa a s’on Messi
Cristiano Ronaldo rap depi l lage li bay plezi
Gendwa pa gen talan Dieu, men yo konn pran mwen pou Jezi
Mwen met game lan cho lè m vle, tout MC mèt di m mèsi

[Verse 1]
Nèg yo di non Balalatèt pinga w fè misye sa
Bay misye yon chans, li pap janm ka nan nivo sa a
Non kounya m’fache, m’pral met dife nan mikwo sa a (ha)
M’poko menm derape nèg yo di m’gentan tiye sa a
Chak sa m lage yon konn panse se de nèg k’ap rape
Depi m tande track ou yo, m’panse se chyen k’ap jape (woof woof)
M’pap bay manti lè m’ap fè hit, m’sèvi ak plim ak kaye (ein hein)
Ou menm pou ka record mizik ou bay grimo taye w (anmwey)
M’pa konn sa w’ap fimen k fè w panse ou se desandan Bon Flow (di m non)
Jan ou kanpe a, mwè w plis se desandan Fofo (haha)
Eske w t’ap pale konsa si m’ta kanpe akote w
E pa fòt mwen, pinga w kriye se pa mwen k te voye w
Tèlman w’ap voye a a m’pral ba w ti non bayakou
Si w site non m ankò ou ka jwenn ti sponsò Barbancourt (wi)
Mizik mwen jwe nan club PV e nan baskèt Kayanou
Menm madanm ou pral danse sou sa tèlman beat sa a gou (ha)

[Hook]

[Verse 2]
Ou di w’ap lage yon trak Dimanch, m’wè li pran blokis
Yo mete w deyò nan stidyo pase dread ou chaje pis
Toufe rap ou sou diet, rap pa m nan ap manje plis
E si yo t’ap banm yon not sou 5, pa m nan t’ap rive 10
Balalatèt, sujet du moment, pa gen pwa pou li
Ou fèk lage yon trak a a, kite m voye tè sou li
Se mwen kounya k’ap dirije rap, ou ka pran m pou souri
Sispann kriye pou sponsò, genlè w ta souse bwa pou li
Gad janm fè tout nèg nan baz ou ap bat plezi sou ou
Yè m’fè yon rèv menm G Bobby ap griyen dan sou ou
Pote rap sou do m, si w s’on tas ebyen m’son soukoup
M’gen vre fanatik, vre zanmi, m’pa mele ak sousou
M’tande gen nèg ki dread ki nan pèse lonbrit
M’gen Reylex ak Peezy, m’pap janm gen pwoblèm beat
M’toujou kanpe menm kote a, m’pa janm chanje ekip
M’son nèg ki wè gang, m’pa pè fawouch ni kritik

[Hook]

[Interlude]
Kiyès sa?
Balalatèt
Di m kiyès sa?
Sa se nouvo jenerasyon rap nigga

Yeah
Han..
M’te pale yo
Di yo sa
Yeah…alo G Bobby Fofo
Bob Cailloux, m’wè w’ap vibe wi
Ou mèt chante. mizik la rive sou ou
Sa se Balalatèt nigga
Ou renmen sa
Heavy Headz tout tan
No Limit represent
Canapé-Vert all day nigga
Lage l ankò

[Hook]

Rest in peace, G Bobby


BIOGRAPHY
  • Daniel Deux Verna , better Known by his stage name Balalatet/DjBullet, is a Haitian/American DJ, Rapper, and Producer. Daniel was born in Boston & raised in Port-au-Prince, Haiti where he attended "Institution Saint Louis De Gonzague". At age 15, He Started making beats Using Fruity Loops Studio with one of his Best Friends Alex ReyLex Pierrot. While living in Miami, he became a member of a Rap Kreyol Group known as KB (Kendal Baz) with members such as Fistibal, Vik, KikoDeBest, Shariff, HoodKid, Stepop, and Reylex. Daniel is a junior at the University of Miami studying Electrical Engineering. Signed by Heavy Headz Ent. He is very motivated and passionate in what he does.