Nwèl La • Power Surge

ADDED BY TIZER (DEC 2, 2014 AT 10:37 AM) 24,108 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Featuring: Frap La
Produced by: Serge

[Hook]
Ho ho ho ho ho
Eh Ho ho ho ho ho
Ayiti, an selebre Nwèl la
An nou fete Nwèl la
Oh oh oh oh oh
Eh oh oh oh oh oh oh oh
An nou chante Nwèl la
An nou danse Nwèl la
Ayiti an n chante – Konsa
Tout timoun selebre – Konsa
Tout granmoun ka danse – Konsa
Tout geto ka fete – Konsa
Tout kay ka dekore – Konsa
Tout chandèl ka klere – Konsa
Siye dlo nan tout je – Konsa
Pa gen kraze brize – Konsa
Men Tonton Nwèl rive

[Verse 1]
Nou prè pou chante viv Noël menm lè ansanm n’ap kole pyese
N’ap kriye viv Nwèl menm lè dlo nan je n yo poko seche
L’ap vini, tout sapen briye, s’on moman n’paka niye
Nwèl se pataj, Nwèl se pi bèl fèt koz nou paka bliye
M’ap sipliye w an gras pot anpil kado ane sa a
Pot pou Ti Jacques, Ti Jean, Ti Marie tou ak Vanessa
Pou n fete Nwèl la nou vle tout pati reyini
Sou demand Tonton Nwèl tout sa k pati ta dwe revini Ayiti

[Hook]

[Verse 2]
Say ho ho ho, Nwèl la rive, fò n fè linyon pou n ka selebre
Fò n bwase lide pou n chase lide k ka koz Nwèl nou gen rèl
Pandan n’ap selebre nan kè kontan, gen anpil lòt ki nan tristès
Gen moun k’ap ret tann Tonton Nwèl pase pou fè yon ti jès
Menm yon ti souri sou visaj yo k ka retire lam
Si w pot soulye kanmèm m’konnen gen youn k’ap mezi pye pa m
Tanpri Ton Nwèl pot kado, se pa lòd m’ape pase w
Menm lè peyi m bloke m’konnen pou ou sa pa ka fado

[Hook]

[Verse 3]
Ton Nwèl tanpri souple pa bay moun ki gen anbisyon separe
Se ou k pou pataje ak tout sa ki nan bezwen tout bon vre
Anpil nan yo Ton Nwèl konn pase jounen yo san manje
Ou ka konprann Ton Nwèl tout sa k lopital ki kouche
Pa kite yo nan mizè sa a, se ou y’ap tann souple
Anpil espwa yo ba yo men sa pa jamè mache

[Hook]