Minute M • ANFWARE Ckone

ADDED BY ANFWARE (NOV 23, 2014 AT 12:04 PM) 16,641 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Lyrics by: ANFWARE Ckone

[Verse 1]
Lavi a dous li bèl, yon segond ka potel ale
Tankou tour de Babel nan yon bat je pwojè w tonbe
Pran san w nan sa w'ap fè jis ti tan pa w lan rive frè
Sinon w'ap wè lavi w' pase kon kout zeklè
Tout chemin mène a Rome men pa bliye pou fè sak jis yo
Kreyon vi w pa gen gòm veye pou pita w pa pi tris bro
Gòl depann de vizyon destinasyon ak mekanis yo
Siw wè gen moun ki pran tèt yo lafwa k'enferyè ak vis yo
Lavi tèlman sakaje w ou de travers kou Youssoupha
Sa depann de okazyon an fòw konn si pou met glòs ou fa
Gen mamoun gen wana se ou menm ki pou pa tante
Ti boute tè w pral okipe a yo pap mande w' patante
Aji ak pasyans yap panse w gen sèvo lan
Avèk twòp rapidite vi w ap vole kou sèvolan
Tout sa w'ap fè byen pran san w' pou detaye
Se pa prese tankou fanm gran ri kap bay 2 taye

[Refrain]
Moun ki konn pale konn lè pou l' pale
Ann poze aksyon poun pa regrèt demen
Toujou fè chwa nou yo aprè yon bon panse
Moun ki pa konn sa l' vle pap janmen gen anyen
MINUTE M (8x)

[Verse 2]
Lavi a son konba ak lafwa ti papa pa gen dezawa
Si w konn sa fè bon chwa met pòtka 9 mwa pou pa nan kk
San sa traka ou pral bwè tafya, Bagèt chinwa 3 mwa
Lè sa sida yap di ki fè w' sa
Fò w' gen sipò pou pran vi sa
Ou pa gen paspò ou bezwen viza
Dans yon gwo pan pa gen prestans
Men konfyans pasyans ka bal yon sans
Ann aprann distenge verite ak manti
Sak fè n' pa janm kenbe vòlè pandan nan mitan n' yap kouri
M' tèlman fè plan menm pou dejene m' m'pa al nan kizin
Sak fèl sonnen mal lè yon blode di now "i lose my virgin"
Pa tann lè minute m nan pou konnen si pou paradi
M konseye w' depi jodi ak granmoun pou pa radi
(pour récolter il faut qu'on sème nigga)

[Refrain]
Moun ki konn pale konn lè pou l' pale
Ann poze aksyon poun pa regrèt demen
Toujou fè chwa nou yo aprè yon bon panse
Moun ki pa konn sa l' vle pap janmen gen anyen
MINUTE M (8x)
Moun ki konn pale konn lè pou l' pale
Ann poze aksyon poun pa regrèt demen
Toujou fè chwa nou yo aprè yon bon panse
Moun ki pa konn sa l' vle pap janmen gen anyen
MINUTE M (8x)