Nwèl Nou Tout • Roody Delpé

ADDED BY TIZER (NOV 19, 2014 AT 1:39 PM) 18,492 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2012
Produced by: Dano Eugene
Lyrics by: Roody Delpé

[Verse 1]
Depi w wè bèl sapen tout kote
Bèl fanal, pidetwal k’ap briye
Tout lari yo chaje ak anpil aktivite
Se fèt tout kote

[Verse 2]
Se sèl moman nou tout nou konvèje
Andan legliz, men nan men n’ap priye
Tout moun ap ret tann kado
Se fèt tout kote

[Bridge]
Lavi pa bay chak moun menm mwayen
Ou menm zanmi m ki gen chans genyen
Voye je w gade yon frè w ki pa sou anyen
Louvri kè w pou swete yon lòt Joyeux Noël
Se sa ki esansyèl

[Keyboard solo – Dano Eugene]
Dano…konpa
Men Nwèl konpa a wi

[Hook]
Nwèl se fèt pa m,
Nwèl se fèt pa w
Nwèl se fèt pa l
Se fèt nou tout

[Verse 3]
Nou chak selebre l yon jan
Gen sa ki chwazi al mès minwi, lapriyè Bondye pou di l mèsi
Sa k’al nan reveyon al chèche ti plezi
Mwen di w jou sa a, atò timoun yo refize dòmi

[Hook]

[Verse 4]
O fete ak sa w genyen zanmi mwen
Si w pa ka bwè diven, degaje w nan ‘on ti kleren
Fèt sa a pa konn ni ras, ni klas, ni orijin sosyal
Nou la n’ap fete la naissance de Jésus Christ

[Keyboard solo]
Dano, yo di m ou tounen Tonton Nwèl ane sa a
Simaye kado, simaye kado
Epi m’ap pwofite di nou

Joyeux Noël tout moun
Joyeux Noël

[Rap]
Ay ay
Si w sou kabann lopital, ou menm ki nan prizon
M’louvri kè m’ap di ou Merry Christmas
Ou menm ki malere, ki pa menm ka manje
Ak tout senserite m’ap di w Happy New Year
Ou menm ki gen sante, kanpe sou de pye w
Mwen louvri kè m pou m di ou Merry Christmas
Ou menm ki gen manje, ti kè kontan Roody Delpe ap di w

[Chorus]
Mezanmi gad’on fèt
Fèt la bèl, tout moun tout kote ap tann Ton Nwèl
(Ah tout moun mobilize tout kote)
Fèt la bèl, timoun kou granmoun ap tann kado Nwèl

[Rap]
Ou menm k’ap vann nan mache, ki nan jaden ap sekle
M’louvri kè m pou m’di ou Merry Christmas
Ou menm ki gen magazen, toujou ap mennen
Ak tout senserite m’ap di w Happy New Year
Ayisyen k nan tout provens, sa k nan Pòtoprens
M’louvri kè m byen gran pou m di w Merry Christmas
Ayisyen k a letranje, ki tout kote
Mwen di nou Bonne Année

[Keyboard solo]
Dano hmmm, ane sa a, si gen moun ki pa jwen, e pa fòt ou non frè m

[Outro]
Se fèt nou tout
Nwèl se fèt pa m,
Nwèl se fèt pa w,
Nwèl se fèt pa l