Yo Pa Gen Memwa • Wood Terrib

ADDED BY DIDIER (NOV 8, 2014 AT 8:58 PM) 20,334 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2014
Lyrics by: Wood Terrib

Lwayote pa vle di soumèt
Menm jan grandi pa vle di frape pie sou mèt

[Chorus]
Yo pa gen memwa pou sonje
Malgre’w fè bien Jodi demen’l tonbe kout baton
Yo pa gen memwa pou sonje
Ou bay tout èd ou redi demen se ou ‘k pat bon
Yo pa gen memwa pou sonje
Lèw pap menen ou kouble yo mode’w kou’w tonbe
Yo pa gen memwa pou sonje
Yo pa gen memwa
Yo pa gen memwa

Lèw fè bien nan griyen dan, engra yo diw pat janm serie
Ou livre yo èd olie mèsi yo diw saw pat janm swete
Tout saw fè ou panse se bien, pou yo menm se kout baton
Lè sa pa bon ou tap trenen avè yo, kou sa bon ou pat bon
Se ekzamp move zanmi ban mwen ki fè mpap janm eseye ankò
Lèl pre l’ se kouto de bo, lèl lwen l’ se lajan sere
Konnen … ou pa vle nan tèw se li’k donnen
Yap diw nan dyab yap diw omwen wap fè ti monnen
Yo tout ta vle wèw nan mizè pou yo ka ri’w
Sak pa gen on grenn dan nan diòl yo se yo kap veye kariw
Pa gen memwa fè yo bliye si n’ te la nan dezè a
Kounia m’ jwenn ti gout dlo yo vle’l trangle’m poum ret atè a

[Chorus]

Je yo bouche pandan yap veye fatra k’ nan je ou
Y’ap met zenglendo dèyè’w si jamè yo pa ka manje ou
Anpil rayi kote’w ye poutan yo tout ta vle nan plas ou
Devan yap pale’w bien, dèyè do’w tout kanpe an fas ou
Lèw nan mizè yap blaze’w yap antre nan vi prive’w
Lèw fè progrè y’ap envante propo pou kritike’w
Kit te pre ki li lwen, y’ap fè tout lit pou imilie’w
Y’ap chache avili’w pou yo ka jete dinyite’w
Trop bienfè Toutnen fret pou ou malpalan tounen trèt pou ou
Pa fè moun konfyans nan vi sa, fanmi’w ka met pièj pou ou
Engra yo se konsa, lèw genyen yo tout se alie’w
Y’ap baw baz tout otan’w genyen lèw fini yo demake’w

[Chorus]

Ou fè bien yo wè’l mal, tout sa’w di pa nòmal
Tout saw fèk bon yo tout efase
Yo egri lèw travay, yo tout ap pale’w mal
Yo tout ta swete wèw trepase
Yo pa gen memwa pou sonje
Fè yo pa wè saw fè oubien si avè yo ou tap trennen
Yo pa gen memwa pou sonje
Yo pa bezwen konnen’w pou yo pale menm sa yo pa konnen

Yo pa gen memwa pou sonje
Lèw pòv sa pa vle diw malere
Yo pa gen memwa pou sonje
Toujou sonje lèw ret nan ling positivite a
Yo pa gen memwa pou sonje
Son’w gran nèg ou ye
Yo pa gen memwa pou sonje
Yo pa gen memwa
Yo pa gen memwa