Sesame • Konpa Kreyol

ADDED BY DIDIER (NOV 6, 2014 AT 11:15 PM) 12,669 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Produced by: David Dupoux

Mwen pa fidèl
Sa se pi gwo defo’m
Men, pa pe renmen’m
Nan ke’m gen plas pou youn vre lanmou
Pa ka pale, pou ou bonjou’m pa la verite
Lè’m di’w mamoure
W’mande’m ak konbyen fi sa rive

Ou rele’m alibaba
Trezò cache, m’ap chache vòle
Cheri maksepte, pansan youn jou
Avi’w ap chanje
Pòt kè’w femen,
M’frape, m’frape, men se san zespwa
Youn roch ki roule, ki pwoteje’w kont tout olalwa

Chak fwa m esaye proche’w
Youn pano stop frennen’m…
Ki di’m kanpe la, la
Kè’w son’w teren mine
Youn fòtres barikade…
Ki di’m kanpe la, la

[Bridge]
Doudou m’bouke chache rout ki mennen nan ke ou
Pou sa ou di’m, pou sa ou fe’m, ase, ase, Oh, pitye
Tande youn ke dezespere kap mande’w
Ouvè pou mwen

Sesame, ouvre-toi…
Youn mo majik map chache pou’m di’w
Sesame, ouvre-toi…
Pou’m jwenn kle pot ke’w ki fèmen
Sesame, ouvre-toi…
Pa mande si’m kwè nan kont de fe
Sesame, ouvre-toi…
Alibaba est amoureux.

Chak fwa mesaye proche’w
Youn pano stop frennen’m…
Ki di’m kanpe la, la
Kè ou son’w tèren mine
Youn fotres barikade…
Ki di’m kanpe la, la

Sesame, ouvre-toi…
Mo majik map chache pou’m di’w
Sesame, ouvre-toi…
Jwenn kle pòt ke’w ki femen
Sesame, ouvre-toi…
Pa mande si’m kwe nan kont de fe
Sesame, ouvre-toi…
Alibaba est amoureux.