Blakawout • Mizik Mizik

ADDED BY DIDIER (NOV 6, 2014 AT 8:44 PM) 23,078 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2000
Produced by: Fabrice Rouzier

Ey, Eric, papa-m son gwo elektrisyen wi!

Papa-w pa yon gwo elektrisyen non.
Papa-w son gwo vٍlè kouran!

[Karlill:]
Ti priz, ti priz, ti priz

[Eric:]
San ke m’ pa nan politik
Mwen kwè m’ gen dwa pou m’ pale
Gen yon seri de bagay
Kape fè-n pase yon tray
Se pou m’ di laverite
Paske mwen gen dwa pou m’ ekziste vre

[Hook 1]
Pale, pale, pale sa w’ wè, di sa ki verite
Pale sa w’ wè, sak fè ou mal frè mwen
Pale, pale, pale sa w’ wè, di sa ki verite
Oh non, non, non

[Eric]
Gen jou m’ santi m’ imilye
Lè mwen pran pou m’ konpare
Peyi-m avek letranje
Se pa anyen ki manke
Se fٍos kouraj pou nou sanble
Epi travay pou nou avanse vre

[Hook 2]
Pale, pale, pale sa w’ wè, di sa ki verite
Pale sa w’ wè, sa kap manje-w frè mwen
Pale, pale, pale sa w’ wè, di sa ki verite

[Eric]
Wooooy!
Tout valè yo ale
Le w’ koken yo di w bon
Neg serye yo sou ban
Wooooy!
An n’ rebrase kat la
Pou demen ka miyٍo
Site Katon jouk Fon Milٍ

Wo non, non, non
Wo non, non, non
Wo non, non, non

Sous de vi papa
Vwala ke
M’ pa wè menm!
Sa w’ panse de sa?
Se li ou vle?
Eske se li ou vle?
Zobodobodop (3x)
Woy ban mwen-l

[Refrain]
Ban-m fè-nwa mwen
Ban-m blakawout mwen souple
Ban-m fè-nwa mwen
Ban-m blakawout mwen souple
Se li mwen bezwen pou mwen fè magouy mwen
Ban-m blakawout mwen souple
Se li m’ap tann pou m’ konte lajan mwen
Ban-m blakawout mwen souple
Se li mwen bezwen pou m’ manyen madanm mwen
Ban-m blakawout mwen souple
San blakawout la, nou paka fonksyone
Ban-m blakawout mwen souple
Oooo men li
Ban-m fè-nwa mwen
Ban-m blakawout mwen souple
Ban-m fè-nwa mwen
Ban-m blakawout mwen souple
Depi maten m’ leve m’anvi fè magouy
Mwen paka fè magouy mwen non
Ban-m fè-nwa mwen
Ban-m blakawout mwen souple
Ban-m fè-nwa mwen
Ban-m blakawout mwen souple
Depi maten m’ leve m’anvi fè magouy
Mwen paka fè magouy mwen ey
Ban-m fè-nwa mwen
Ban-m blakawout mwen souple
Ban-m fè-nwa mwen
Ban-m blakawout mwen souple
Se li mwen bezwen pou m’ jete bilten mwen
Ban-m blakawout mwen souple
Se li mwen bezwen pou m’ mate konpa mwen
Ban-m blakawout mwen souple
Tout fanatik yo ap tann li pou yo pran feeling
Ban-m blakawout mwen souple
Woy yo bay li!