Map Fin Vann • Jean Jean Roosevelt

ADDED BY ZOKLO (NOV 2, 2014 AT 11:45 AM) 19,817 VIEWS EDIT

Genre: Other
Album: Y A Danger
Year: 2012
Featuring: B.I.C

[Ref]
M’ ekri mizik sa a
Pou tout sa yo ki panse yo ka dekouraje m’
Mwen fe mizik sa a
Pou mwen fe yo konnen m’ap kenbe la
Jis souf mwen koupe

[I]
Se pa mwen ki di se la bib ki di
Sa bondye mete lezom pa ka wete
Se pa fot mwen si nan tet mwen tankou dlo pawol koule
Se pa mwen ki di s’ on proveb ki di
Pwonmennen chache pa domi sans soupe
Se pa fot mwen si mwen gen fos ak kouraj
Pou m’ lite poum rive
M’ap mande pouki
Anba pye m’ wap simen po fig mi
Map mande pouki
Ou ta swete pou m’ pa pran lari

[Réf]

[II]
Ou ka vann fig mi
Mwen vann zaboka mi
Sa pa deranje nou ka pwonmennen a de
Men pou kisa ou ta swete pou bak mwen chavire
Ou achte panama, mwen m’ achte kiraso
Sa pa deranje nou ka vann nan menm mache
Lòt bò dlo gen Beyoncey, gen Rhianna, gen Usher, gen Ne-Yo
Pou ki pa bò isit pa ka gen mwen menm, lòt ankò avek yo
Map mande pouki anba pyem wap simen po fig mi
Map mande pouki , ou t ‘a swete pou m’ pa pran lari zanmi

[III]
Map ret tann ou granmѐt
Ki le na we limyѐ w’ parѐt
N’ap ret tann ou
Li pa yon sekrѐ pou pesonn
Mwen se yon machann plezi
Anndan tѐt mwen
Anndan gòj mwen
Gen machandiz san mezi
Gen sa k’ banm zanana pou sizann
Ki fѐm konprann ke machandiz pam nan pap vann
Li pa yon sekrѐ ke nan mache a chak moun gen treto pa yo
Gen mizik pou kwaze pye , gen pou leve mayo
Gen moun ki renmen lew mande pou leve men yo
Gen sa kap tann bѐl pawòl ki pou leve mò yo
Menm jan ak jean Jean Roosevelt
Machandiz BIC a pap gate

[IV]
Map fin vann (bis)
Map fin vanm mwen pral achete ankò
Map fin vann
M’ pral pwonmennen sou potay la
M’ pral pwonmennen sou ray la
Manman m’ di sim pa vanm mwen pap manje
M’ pwonmennen nan petionville la
Pwonmennen anba la vil la
M’ pral pwonmennen jeremi
M’ pral pwonmennen okay
Manman m’ di sim pa vanm mwen pap manje


BIOGRAPHY
  • Chanteur, auteur, compositeur, guitariste et percussionniste Originaire de la Grand-Anse, Sud-Ouest d'Haïti, Jean Jean Roosevelt est un artiste né. Il est le benjamin d'une famille de six enfants. Son père est guitariste. Sa maman défunte était une passionnée de la musique et du théâtre. La petite histoire raconte qu'il est né un 30 septembre pendant que sa maman dirigeait une chorale. A l'université, il se spécialise en histoire de l'art. Sa musique se nourrit d'influences multi-ethniques, marquée par un brassage culturel existant sur l' île depuis la traite négriére. Sa musique est une alliance de rythmes créoles : Nago, Ibo, Yanvalou, Djouba, Kongo, Rabòday, etc. et d'influences reggae, RnB, afro beat. Jean Jean Roosevelt a remporté en Haïti de nombreux concours de chansons organisées par des institutions locales dont Radio Grand'Anse (1990), Tropical airways (1998), Solèy Sounds System (2005, 2006). En 2013, il a gagné la médaille d'or dans la catégorie chanson aux Jeux de la Francophonie déroulés á Nice en France et a été couronné prix TV5 monde.