Depi’l Pa Vle Pa Fose’l • Money G

ADDED BY ZOKLO (NOV 1, 2014 AT 3:58 PM) 22,198 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2014
Featuring: Roby Rob

Money G k’ diw sa
Option Plus

[Verse 1]
Pa vin diw se fanm ou’w ka fè sa’w vle
Men lè li se afèw ou pa jwenn li lèw vle
Pale anpil se pa sa l’ ye
Pa joure ni fache kraze brize
Ret dousman pou’l ba ou’l lè lide’l vle
Gon’w fason w’ ka pale fèl deside
Pa abuze’l lap tande’w pa fèl kriye

[Chorus]
Li te met te madanm ou – depil pa vle pa fòsel
Li te met te mennaj ou – depil pa vle pa fòsel
Li te met te amou’w – depil pa vle pa fòsel
Li te met te boubout ou

[Verse 2]
Afè li se pou li l’ ka baw yon fwa
Ou te met plenyen ou pa ka fèl la lwa
Lèw koute’l pou li menm ou se sèl wa
Proteje’l men yon jou wa vinn gen dwa
Fòw tande lè yon moun di’w l’ pa sou sa
Sa pa vle di se pa renmen l’ pa renmen’w pou sa
Pa abuze’l lap tande’w pa fèl kriye

[Chorus]

[Roby Rob]
Banm diw non, m’ sonje’w chak segond minute baby
Prese map prese kouri fin travay kouri jwenn ou Bae
Pou janm anvi’w la, m’santi’m kon’w prizonie k’ fek lage
Tanpri manmi pa fè rezistans banm fon’w ti lage
Cmon sa wap fè la ma
Pa dim jwèt sa ladann
Ou konnen m’ pa ka tann, vinn jwenn ou sou kabann
Janm konnen’w renmen kann, m ekipe yo pa bann
Pote ti nannan banm, let me get the job done hun
La pli a tonbe pouki’w pa mete’m andan
Bon poukisa chak swa m’ antre wap pede banm ban
Ou konnen m’ son’w gro jwè cherie leve’m sou ban
Manmi leve’m sou ban
Darline leve’m sou ban

[Keyboard solo]

[Chorus]

[Guitar solo]