Lajan Fasil • Dug.G

ADDED BY ZOKLO (OCT 31, 2014 AT 2:38 PM) 17,931 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2011
Featuring: Fenix
Produced by: The Core
Lyrics by: Dug.G

[Verse I (Dug G)]
Kòman l rele kòman m ka di l
Li se 4e nan 8 timoun ki nan fanmi l
Li te twò grandi pou laj li pi mal nan antouraj li
E menm nan mitan kamarad li
Mizè se pi gwo pwoblèm fanmi l
Lajan se te premye obstak avni l
Malgre li tap viv nan yon zòn rekile
Li te jwenn kontak poul te genyen tout sa kel dezire
Konnya li vin ap jwi lavi l pran plezi li
Woule gwo mak machin dènye kri
San pran tan li gen yon lòt idantite
Sak te konn imilye l konnya ap rele l mesye
Se t’on 3hr di maten aprè yon farinay lapli
Li tap separe yon bitin aprè li pral pèdi lavi
Enfant cheri avèk 4 bal nan do
Mouri akoz de yon sèl yon sinp kilo

[Refren]
Chimen lajan pa gen pikan
Avan tou fòk ou pran tan fòk pridan
Tout moun demele w janw konnen
Ou meten t’on grenn pwomennen
Wa konnen wap konsyans a ou ki konnen

[Verse II (Phoenix)]
Li pap gen plis ke 20tan
Fanmi l tap tann depi un an
Yon jenn gason galan,chaman men f`ò’l rich an menm tan
Tout sa ki tap koze tout sa l te propoze
Paran l pat aksepte yo fè yo mechanste
Manman l te kwè nan choz materyel pou manzèl
Majorite nan nèg yo se te jenn entelektyèl
Yon bon dimanch yon patnè
Prezante byen chèlbè
Abiye tout de blan sou yon vwati de luxe new one
Manman te twò kontan misye fenk sot vizite San Juan
San pèdi tan paran l te gentan propoze mariaj
Se bèl vi, lavi manmzèl te gentan nan yon lòt paj
Apenn 6 mwa grosès
L’arterielle tens s’abaisse
Sitiyasyon fragil
Pa ka rete trankil
Men rezilta tès yo se te VIH
Nan kè l tankou yon kout rach

[Refren]

[Verse III (Dug G)]
Pafwa pou fè lajan pou yon lòt sa twò fasil
Poutan lavi toujou rete difisil
Chak jou gen sa kap boxe ak lavi a
Fòk ou goumen pouw ka manje nan lari a
Fòk ou mache cheche pouw ka twouve
Souvan mache chèche se pousyè yo soupe
Pou fè lajan fòk ou gen yon bi ou fiske
Siw pa vle redi pouwfèl oubyen ou riske

[Verse IV (Phoenix)]
Wa konnen wap konsyans a ou ki konnen
Lajan fèt pou itilize l men pa twò renmen l
Li s’on bon sèvitè li s’on bèl resèt
Li s’on move m`et e li se pi gwo trèt
Nan fason ou ka gen lajan tankou w fè premye lo
Men atann konsa li ka vini komm pi gwo fado
Mwen pito rete nan bat dlo poum fè bè
Men ak konsyans mwen map toujou anpè