Pa Gen Jwèt Ankò • Dug.G

ADDED BY ZOKLO (OCT 31, 2014 AT 2:25 PM) 16,400 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2011
Featuring: Master Luck
Produced by: Dice

[Intro (Master Luck)]
Yeah blood you know me
I’m sorry we are them
Pa gen jwèt ankò Master Luck and Dug G

[Refren (Master Luck)]
Leve tèt ou anlè gade wa wè kilè li ye siw pa fè flay l
Se pa moman pou rechinia ap fe gogay
Pa gen jwèt ankò se taktik kwè nan travay
Se yon lòt nivo nou piwo mitan poto nou pa gen fay
Rasin nou gen pwofondè se yon eritaj
San pè san krent nap goumen kif kif do n laj
Bless frèm ou pap sa aba badinay

[Verse I (Dug G)]
Anpil nèg konfonn matirite avèk figi plen bab
Se pa jwèt kap fèt menm lè l kat sou tab
Anpil bouch koule bave lè yo tande vibe la
Gen sak panse se te yon ti egare men lap ba yo traka
Ultimage vin ranfòse anpil moun boulvèse
Anpil kòb depanse pou Piwo Records ka avanse
Menm lè se mwen ta diw vini fòk ou pa pwoche
Men nèg kap baw chalè se menw li vle pran met nan dife
Dug G se yon etwal moman pam pou mwen briye
Tankou sen katedral sou de jenou yo vin priye
Jwèt se jwèt frem kwochèt pa ladan l
Baton ‘k nan men m nan chen pap kole dan l
M fann ou nan kann nan dekoupe ou nan bannan nan
Se rap m konnen fè men se li menm ki nan san’m nan
Nèg we nèg, nèg pa sible nèg
Nèg pa konn nèg m wè nèg vle jwe ak nèg

[Refren]

[Verse II (Master Luck)]
Vav yo plen fit nan biznis lan gen twòp fo mamit
Pil tipil pou nèg yo ap grenpe l vay ke vay
Dekal l vit resèt pla mizik an nou pi byen kwit
Anba gonbo cho saw pran se yon lòt bagay
Konnya se laj kap antre podjab ti frèm pa gen jwèt
Pou diveti tout djo kanèl fòk ou kraze brenn nan
Tanperaman nou chanje avni vieyes pa bliye
Rekonèt sa konsole l frèm pou pwoteje benn nan
Poze pelen lè’m pa baw tan pou brode
M fè move map file tankou se yon moto trèl
Ploye w fwelikè se plezim sou track
Pa janm oze ni boze tankou Master Luck siw tap anvi fè l
Wè l bèl tande a ki fasil men pou fè l
Mizik se pa voye ti jwèt mawèl
Entèl entèl malgre obstak sitiyasyon an pèkmèl
Nou gen kwayans fòk nou triyonfe avè l

[Verse III (Dug G)]
Pa gen jwèt ankò,ankò se repwòch bat pouw pa antò
Siw vle vin fò se kwè nan travay pouw ka vin miyò
Si w wè map bat rekò pa egri sa se priyè fò
Avèk stylo d’or siw vle tankou’m fòk ou priye fò
Konnya chak sam lage se dega plis seza
Pa gen komparezon se yon mank dega gran eka
Yon match kabrit anba bèf Masta avèk Dug la
Nou fè lpou tout G guy casa nova ak tout mafia
Konnya sak te lwenm vin pre mwen
Menm nèg ki pat vle wè m yo tout ap vin kore mwen
Biznis lan ap byen mache tout fanm anvi goute mwen
Level mwen depasew konnya wap imite mwen
Pandan yap ranse map travay poum avanse
M toujou nan studio a pou mwen ap panse
Pou m pote nouvote bagay yo poko janm tande
Priyèw pap ekzose si se mwen ou ta renmen wè kanpe