Men Vibe La • Dug.G

ADDED BY ZOKLO (OCT 31, 2014 AT 1:37 PM) 15,466 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2009
Lyrics by: Dug.G

[I]
Pa gen jou mwen pa leve poum pa remesye God
Voye respè pou fanatik kap still sipote Dug
Menm lèm konnen travay la di tèt poze m’ap ret’ pozitif
E m konnen m pa gen dwa koube paske map panes pou bon biznis
Nan game nan m toujou shine limyè pa klere anba tab
Tout sa k’ rayi m yo met pale yo konnen m enbatab
Mwen pa janm fè plan ki mal trase
Se sa k’ fè m’ pa etone lè m we ke rap kreyol ap depase
Premye wòch la la m te poze l avek anpil kouraj
Kounyeya gen rap twofè sa pwouve l chanje paj
M’pran sanm poum medite le nonm ap plede site
M’pran tanm poum etidye e strateji m byen revise

[Chorus]
Men vibe la kiyès sa
Mwen mwen mwen menm ankò
Men vibe la kiyès sa
Mwen mwen mwen menm ankò
Men vibe la kiyès sa
Mwen mwen mwen menm ankò
Mwen k’ te wou m tap fè silans
Paske m toujou tèt frèt
Men vibe la kiyès sa
Mwen mwen mwen menm ankò
Men vibe la kiyès sa
Mwen mwen mwen menm ankò
Men vibe la kiyès sa
Mwen mwen mwen menm ankò
Ou pa we janm refè game nan
Tankou ti bebe k’ fèk fet

[II]
Men vibe la kiyes sa mwen mwen mwen menm ankò
Nan klas sa ou konn sa pa palem de pi fò
Nan plas sa pa kwe sa mwen pap janmen chanje bò
Menm veb la ki vin san ranfo pou f el pi bel ankò
Channmas la Rockfam lame-a tè pwouve li
Epate tout tandans ret nan tèt yo kou makaveli
Sa k’ al cheche ranfò yo konnen yo pa ka make li
M’ pa gen foli bandi paske m’ legal tankou Mately
Mwen son neg mon pou lavi mwen fyè poum di li
M’ pa gen lontan depi m’ap viv isi si m’ diw ou pap kwè li
Mantalite sa k’ fè m sa m ye jounen jodi a
Yon lot vi’zion, saw pa ka konprann still Gloria

[III]
M’aprann viv ak sa m’ genyen pou m’ pa regret demen
Mwen respekte tèt mwen m’ pap janm manyen sa k’pa pou mwen
Malgre m’ nan yon batay san fèn mwen konnen m pap travay an ven
Misyon m’ se fè sa ki byen
Mouchwa nwa fè yo wè mouv man nan yon lot ang
Le m’ di delmas F.I.A.se pa paske m gen foli gang
Se delmas Force Intellect Avisee
Nou gen pouvwa poun devye w si se nou kew vize
Yo bliye kijan mouvman sa te rekomanse
Nou ouvri pot pou tout sa ki bezwen avanse
Sa pa gadem si se pa nou kew prefere
Malgre boycott pa gen obstak nou pa ka traverse